Sitiyasyon malouk peyi a twouve l nan dènye moman sa yo, pouse òganizatè ‘’konkou suiv tras Christopher Laroche“, elimine tout faz prezansyèl yo.
Manm ekip k ap òganize konkou a fè konnen sitiyasyon peyi a pa pèmèt yo rive reyalize fè tout sa yo te prevwa yo. Akoz ensekirite, ratman gaz, peyi lòk, manifestasyon tout jounen, elatriye. Sa ki lakoz manm k ap òganize konkou an ak moun k ap patisipe yo twouve yo nan anpil difikilte pou yo deplase.
N ap raple “Suiv tras Christopher Laroche” se tèm konkou chante MagHaïti mete sou pye ak patnè li yo pou fete 10 lane ekzistans li nan milye medyatik ayisyen an. Konkou sila se yon fason tou pou rann yon gwo omaj avèk chantè Christopher Laroche tout moun konnen sou non Freedom, pou tout sa li fè nan fason pa li nan sektè kiltirèl la.
Menmsi p ap gen faz prezansyèl ankò, yo fè konnen konkou a ap toujou fèt jan yo te prevwa li a, men fwa sa, tout faz yo ap fèt ak distans.
Sa ki gen pou wè ak final la, atis ki pase nan premye faz yo, p ap jwenn chans ankò pou yo ni pèfòme sou sèn, ni pou anrejistre videyo nan estidyo pwofesyonèl MagHaïti a ankò. Men ap gen yon final korèkteman nan yon espas ki deja rezève pou sa kote jij yo ap gen pou delibere Chanpyon yo.
Nan ka sa 70% jijman yo ap sòti anba analiz manb jiri yo epi rès 30% yo se pou vòt piblik la.
Pou tout atis ki entèrese patisipe nan konkou an, Direksyon MagHaïti ap fè yo konnen samdi 15 oktòb ki pral vini la, nan lè 11è 59 minit nan lannuit, se dat limit pou yo enskri paske konkou a ap demare dimanch 16 oktòb pwochen an.
Pa bliye, pou w patisipe nan konkou sa ou dwe sèvi ak refren mizik “Sove peyi mwen”, san ou pa itilize vwa atis la. Anplis, mete pwòp pawòl pa w nan vès yo epi ou gen libète pou w chwazi bit pa w ak nan tandans ki fè w plezi (konpa, rasinn, rabòday, rap elatriye). Oubyen ou ka chwazi bit konkou a ofri gratis la sou lyen an: Bit sove peyi mwen gratis.
Yon atis ka deside patisipe pou kont li, li ka kolabore ak plizyè lòt atis epi gwoup mizik yo gen menm posibilite a. Mizik la pa dwe dire plis pase 4 minit ak 50 segond. Anplis, fòk w ap viv nan peyi Dayiti pou w ka patisipe.
Pou plis enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon yo, moun ki entèrese yo mèt monte sou sit entènet MagHaïti a.
Si move sitiyasyon peyi fè ekip k ap òganize konkou a elimine faz prezansyèl yo, men yo tou pwofite enfòme piblik la pa gen pyès modifikasyon ki fèt nan sa ki gen rapò ak prim yo.
Atis ki ap rive chanpyon konkou an ap genyen yon chèk 300 000 goud, moun k ap dezyèm nan ap genyen yon chèk 200 000 mil goud epi atis k ap vini nan twazyèm plas la ap genyen yon chèk ki evalye 150 000 goud.
Jan yo te anonse li deja, 3 premye atis ki genyen yo ap jwenn opòtinite pou kolabore ak FREEDOM. Anplis, 10 premye yo ap jwenn 2 lane pwomosyon sou tout rezo gwoup MagHaïti yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post