Sant estokaj Tèminal Vare anonse nan yon twit ayè jedi 13 octobre 2022 a, endividi ak zam antre nan tèminal la. Sa ki fè konpayi WINECO li menm denonse zak sa ki fèt anndan sant lan nan lannuit 12 oktòb 2022 a.
Daprè yon twit sant estokaj Tèminal Vare a fè ayè jedi 13 septanm lan, li fè konnen
«Nèg ak zam antre nan tèminal vare, aprè yo fin metrize ajan sekirite yo, yo rive ale ak gaz.» daprè sa Sant estokaj la ekri san plis detay sou ki kantite gaz individi yo pote ale.
Depi 12 septanm pase a, gang G9 an fanmi e alye ki gen nan tèt li Jimmy Chérizier alyas Babekyou te deside bloke wout Tèminal vare a. Aksyon sa te pase aprè Chèf gouvènman an te deside monte pri gaz la 12 septanm 2022 a, sa ki lakoz gwo mouvman pwotestasyon te kontinye fèt nan tout peyi a.
N ap raple malgre tout jefò lapolis fè pou debloke wout Tèminal la depi pase 2 semenn, okenn rezilta poko janm tonbe. Poutan, menm nèg ak zam sa yo di yon sèl fason pou yo ta kite wout sant estokaj la «ba yo amnisti, pèmèt yo patisipe nan gouvènman an, retire manda dèyè yo.» Se sa responsab Komisyon Nasyonal Depoze zam, Demantèlman ak Reyensèsyon(CNDDR), Jean Rebel Dorcénat te deklare sou antenn radyo Mega ayè jedi 13 oktòb 2022.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022