Jounen jodi jedi 13 Oktòb 2022 a, peyi Etazini koupe viza 2 minis ak 2 senatè epi plizyè pwòch nan gouvènman an nan larepiblik.
Depatman Deta Ameriken koupe viza 2 minis ki fè pati gouvènman an, tankou Brédy Charlot ki se Minis Anviwonman, Listz Quitel, ki se Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal. Depatman Deta koupe tou viza senatè Joseph Lambert ak Garcia Delva.
Se pou enplikasyon ak fonksyonman gang yo nan lari epi òganizasyon kriminèl, selon twit sekretè deta Ameriken Antony Blinken, 12 Oktòb 2022.
Plizyè lòt pèsonalite Ayisyen konsène nan politik la gen entèdiksyon vizite peyi Etazini presizeman majistra enterimè Kesner Normil (Petyonvil), ansyen depite nan kwadèboukè ak chèf kabinè minis epi minis espò Jean Tholbert Alexis, depite Ti rivyè Latibonit, Victor Profane.
Ansyen premye minis Evans Paul, fè pati lis moun yo koupe viza Ameriken yo, selon depatman Deta Ameriken, nan nouvèl kad politik pou sanksyone enplikasyon tout sila k ap kopere ak bandi yo.
Mezi sa yo pran nan moman vizit sekretè deta adjwen afè emisfè oksidantal depatman Deta Ameriken Brian Nichols, 12 oktòb 2022 a.
Fonksyonè Ameriken deja rankontre premye minis defakto Ariel Henry ak reprezantan Akò Montana, elatriye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022