Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat anonse, “liv inik” la pral antre an aplikasyon pou lane akademik 2022-2023 a. Liv sa ap obligatwa pou premye ak dezyèm ane fondamantal.
Liv eskolè inik sa jwenn orijin li nan yon dokiman ofisyèl ki gen ladan li 339 paj ki vin transfòme an politik sektoryèl ofisyèl Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, daprè sa Minis Edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat te fè konnen sou tele ak radyo Metropole.
” Liv inik se rezilta yon chita pale gwoup travay edikasyon enfòmasyon komisyon prezidansyèl, prezidan Preval te mete sou pye 8 Fevriye 2008 ki pral bay rapò li an mwa Dawout 2010. Ki te gen yon trantèn rekòmandasyon, ki pral vin enskri dirèkteman nan plan operasyonèl 2010-2015, mwen menm mwen t ap aplike lè m te nan Ministè a.” Toujou Deklarasyon Minis Nesmy Manigat.
Liv sa ap disponib nan vèsyon tradisyonèl kote l ap fèt ak papye epi yon vèsyon nimerik. Anplis, liv inik la baze sou divès chanjman, kote lang kreyòl la makonnen ak listwa ak lakilti, k ap nan plizyè lang, Minis Nesmy Manigat te kontinye ajoute.
Nan premye ane fondamantal tout lekòl alawonbadè, prive kou piblik gen 5 matyè ki obligatwa pou timoun sa yo aprann ki se kreyòl, fransè, syans sosyal, syans eksperimantal epi matematik. Ebyen liv sila ap gen tout 5 matyè nou sot site la yo.
Minis lan fè konnen, liv inik lan ap pi avantaj pou paran yo, paske li pral ede yo fè anpil ekononomi epi metòd tradisyonèl la te fè yo anpil abi. Kote li te menm pran ekzanp sou anpil lekòl ak anpil editè ki t ap plede fè paran yo abi, sitou pou matyè, tankou matematik ak fransè, kote chak chapit tankou adisyon soustraksyon, fraksyon gramè, òtograf elatriye. te gen yon liv apa pou yo.
” Anplis yon sèl matyè konn genyen anpil liv. Nan yon klas kote elèv yo gen 5 matyè sèlman konn retwouve yo ak nenpòt 17 liv.”
Anplis minis lan fè konnen plizyè nan liv sa yo pa reponn ak kirikoulòm Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la.
” Liv la inik pou n evite yon lekòl ak plizyè vitès, kote chak timoun ap aprann sa yo vle, timoun ki nan milye riral la ap aprann nan yon seri bagay li pa konnen sak ladan yo, sak nan milye riben an aprann nan kèlke liv, bidon vil la nou asire editè yo respekte sa nou rele ” le socle unique de compétence de culture et de savoir”. Pawòl Minis la.
“Apre liv inik, paske
Li penmet kounya se yon liv inik pou 5 matyè yo oubyen se sa konsa n ap fè pandan lòt ane yo, se sa ministè a deside, plis w ap avanse plis w ap kite premye dezyèm ane, bagay la ap gen plis volim. lè sa se yon grenn liv pa matyè. Paske, w ap retwouve w kounya nan senkyèm ak sizyèm ane leta pral rekòmande yon liv inik fransè elatriye”.
Sou zafè pa ki mwayen kijan timoun yo ap fè jwenn liv inik la? Minis Edikasyon nasyonal la fè konnen yon resanse yon milyon desan mil timoun nan premye ak dezyèm ane fondamental. Ministè a fè konnen yo pral distribye gradyèlman pou tout timoun nèt ki nan lekòl piblik nasyonal, ki nan lekòl piblik kongregani epi lekòl piblik ak lekòl prive.
“Ane sa ministè edikasyon nasyonal nan pwopozisyon li fè epi ki deside nan konsèy gouvènman, ebyen se sibvansyon total. Sa vle di paran an pa gen anyen pou li peye nan premye ak dezyèm ane fondamantal. liv sa yo ap gratis, paske ministè ak gouvenman achte tout gratis nan men editè yo k ap pwodui yo epi k ap distribiye yo gradyèlman.” Dekarasyon minis Manigat.
Konsènan tout moun ki te gentan achte liv deja Minis lan fè konnen li panse yo p ap bezwen achte liv Inik lan. Poutèt sa, li fè konnen sou liv sa yo ministè a deja ap travay.
“nou gen anseyan ki deja nan fòmasyon, nou prepare fich pedagojik pou anseyan yo ka itilize konkrètman liv sa yo nan eksperimantasyon yo epi gen yon vèsyon nimerik nan liv Inik lan ki deja disponib”.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022