Jounen jodi lendi 5 septanm 2022 a, plizyè sitwayen te denonse eta kritik ak salte epi gwo dlo nan divès kote nan peyi a, sitou lè lapli fin tonbe. Yon sitiyasyon ki repete nan zonn Metwopolitenn lan ak lòt kote ankò nan peyi a, presizeman Matisan, Taba, Petyonvil, Okap, Gonayiv, elatriye. Yon reyalite ki toujou pouse moun yo kesyone prezans majistra yo ak responsab anviwonman nan peyi.
Selon Minis anviwonman James Cadet, gen kèk desizyon ki pral pran nan lide pou epanye lavi ak aji sou pwoblèm anviwonman k ap bon pou moun yo:” Nou paka konte mò ankò, malgre nou gen desizyon nou pral pran nan tan k ap vini yo ki ka parèt difisil pou nou pran, desizyon ki pou pran nan nivo monn grane, rivyè griz ki ka parèt frajil pou nou pran, nou konprann sitiyasyon sosyal ak ekonomik yo. Pandanstan, vi moun yo pi enpòtan pase tout bagay “, sa se deklarasyon l nan Jounal Premye Okazyon sou radyo Karayib.
Plizyè gwo lapli ki t ap tonbe semenn ki sot pase la pa sispann bay gwo tèt chaje, kote fatra ak ranblè nan dlo yo. Move kondisyon anviwonman an pral gen gwo retonbe sou lavi moun k ap viv nan peyi, anplis touris yo.
Minis Anviwonman James Cadet te kontinye pou li ajoute :” Si anviwonman an kontinye degrade, se rediksyon k ap fèt sou lavi moun yo, se avni timoun yo k ap ipoteke, kidonk y ap konprann ministè anviwonman an pa la pou li deranje Moun si li pa nesesè, gen zonn yo paka viv ladan yo, yo oblije deplase. Paske, konsekans Anviwonmantal yo la, menm jan n konprann konsekans sosyal ak ekonomik yo tou”.
James Cadet, Minis anviwonman te avanse pou li di :” Nou gen yon plan Nasyonal Adaptasyon, nou fin travay sou li, nou gen pou fè validasyon teknik li epi andosman politik li, aprè pou nou prezante li bay gran piblik la. Lè nou pale Adaptasyon dispoze yo, yon mezi ki pou penmèt ak rekonèt pwoblèm ki ka genyen apre, tankou ouragan, inondasyon, siklonn, elatriye. Nou evalye riks yo parapò sa k ap vini yo”.
Pwoteje anviwonman dwe toujou fèt ak kèk ajan Sekirite, tankou Brigad Pwoteje Espas lanati yo (BSAP), yon kategori moun ki la pou anpeche moun Al rete nan zonn ak risk yo epi kote leta anpeche moun konstrui.
Minis anviwonman James Cadet, te reyaji sou enpòtans ak pwoblèm pèyman leta gen pou moun sa yo : ” M ap travay avèk ANAP ki sanse kwafè epi k ap jere kesyon BSAP la, fòk mwen di pa gen kontra ni lèt nominasyon pou ajan sa yo, yo mete mwen nan yon Difikilte pou m peye antanke leta. Premye agiman m jwenn se te yon bann benevòl k ap travay nan sektè sa, poutan se mwen yo vle peye yo”.
Koze anviwonman ak salte se monnen kouran bò isit, malgre neglijans pou pwoteje ak netwaye espas yo, otorite yo derefize koute larezon ak debouche kanal yo pou evite gwo dega dlo konn abitye fè deja sou peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.