Jounen Jedi 29 Jen 2022, Direksyon Santral Polis Jidisyè atravè yon videyo sou paj li prezante 2 prezime kidnapè yo, youn ki se Emase Clairisier epi lòt la ki se Pierre Joseph Aristor, nan kad yon ankèt l ap mennen sou zak kidnapin ki te fè sou 2 moun nan dat 24 me 2022 nan Dèlma 75 lan, youn ladan yo se yon ti gason ki genyen 13 lane. Alòske bandi te rive kidnape l devan lakay li, pandan li ta pral lekòl.
Fanmi sila sa yo te rive bay 10000 dola Ameriken ak 150000 goud Ayisyen pou yo te jwenn liberasyon yo, aprè yo te rive depoze yon plent nan Direksyon Santral Polis Jidisyè a kont zak kidnapin sa.
Selon temwanyaj Emase Clairisier, youn nan prezime kidnapè yo: ” Pierre Joseph Aristor te fè m monte ti monn Piblen an, li te fè m antre nan yon machin epi m te wè l ak 2 lòt moun ankò, li te mande m pou mwen fè li antre nan kay la aprè l ap fè m jwenn kòb pou m fè komès si tout fwa li kidnape yo. Anplis, se sèl ki ban m travay la”.
Pandanstan, Pierre Joseph Aristor ki se lòt prezime kidnapè a te reyaji pou li di : ” Se Emase ki se otè zak sa, li te di l vle fè komès, paske li pa ta swete travay ak moun ankò ak yon endividi ki rele Roro”.
Yon fenomenn kidnapin ki pa epanye okenn kategori sosyal, kote se chak jou pi plis gen yon viktim k ap ajoute nan lis la. Malgre, Lapolis pa chome devan bandi k ap plede kidnape moun tanzanzan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022