Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

José Raúl Mulino se nouvo prezidan Panama

Mag Haiti by Mag Haiti
May 6, 2024
in Société
0
José Raúl Mulino se nouvo prezidan Panama

José Raúl Mulino genyen eleksyon prezidansyèl nan peyi Panama yè dimanch 6 me 2024 la anfas Ricardo Lombana, sou yon lòt total 34.4% vòt kont 25% vòt parapò advèsè li a, selon France 24.

Kandida konsèvatè Raúl Mulino, ki gen 64 an rive genyen eleksyon an anfas ansyen anbasadè Ricardo Lombana gras ak 9 pwen diferans.

«Se yon gran plezi pou mwen nan non tribinal elektoral la pou m enfòme w, ou genyen eleksyon prezidansyèl nan Repiblik Panama», sa a se deklarasyon Alfredo Junca, aprè li te fin rele José Raúl Mulino pou l fè l konnen li genyen eleksyon an. Nouvo prezidan an te répond devan patizan l yo pou li di : «M gen responsabilite ak imilite. Mwen pa mayonèt pèsonn.»

José Raúl Mulino se te ansyen minis sekirite sou pouvwa Ricardo Martinelli, aprè l vin minis afè etranje epi minis lajistis. Ant 2015 ak 2016 nan peyi Panama, Raúl Mulino ta pral jwenn arestasyon l pou yon tan tou kout pandan akoz akizasyon koripsyon ki te peze sou do l.

Eleksyon sa a gen anviwon 3000000 panameyen ki te vote epi penmèt yo renouvle 71 depite nan palman an (Yon sèl chanm).

Paralèman, kandida ki pèdi an te rekonèt li pèdi eleksyon an epi lanse kèk pinga bay nouvo prezidan an José Raúl Mulino.

«M ap lonje men m ba w si w ap fè sa ki byen, si w ap fè sa ki mal w ap wè moun yo nan lari ap manifeste. Si w rekòmanse fè sa n te konn fè pandan plizyè ane yo, ou pran distans avèk vwa pèp la e si w oze negosye ankò kontra min avèk peyi Kanada, si w privatize edikasyon an, si w kontinye fè presyon sou moun yo kòm otorite. Ou pral jwenn pèp la nan lari a.», se sa a Lombana deklare, li te tou pwofite salye tout patizan l yo.

N ap raple peyi Panama ap fè fas ak yon kriz ekonomik tèt chaje, kote kwasans ekonomik li chite ant 7.3% an 2023 e ki pase ak 2.3% an 2024, selon Fon Monetè Entènasyonal (FMI). Enstitisyon sa fè konnen gen plizyè moun ki pèdi travay yo.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 589
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis la gen lòd pou arete tout prizonye ki te sove kite prizon dènye jou sa yo

Next Post

Bruno Maes kondane divès atak nèg ak zam fè nan Pòtoprens yo

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Bruno Maes kondane divès atak nèg ak zam fè nan Pòtoprens yo

Bruno Maes kondane divès atak nèg ak zam fè nan Pòtoprens yo

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,923)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,012)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,195)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,928)

Nouveaux Articles

  • MJSAC denonse konpòtman ajan ULCC yo te genyen anvè anplwaye li yo
  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?