Nan yon nòt pou laprès yo mete deyò jodi lendi 11 mas 2024 la, Kolektif Defansè Plis kondane ak tout fòs yo divès atak ki fèt sou enstitisyon lapolis la pandan dènye jou sa yo. Konsa, yo fè konprann se mankman eta dwa ak demokrati nan peyi a ki lakòz tout zak sa yo ap fèt sou fòs lòd la jounen jodi a.
“Kolektif Defansè Plis la kondane tout tray enstitisyon polisyè a sibi pandan dènye evènman ki mete twoub nan peyi a sòti nan peryòd 29 fevriye pou rive 9 mas 2024 la. atak nèg ak zam yo, lakòz ansasinay 6 polisye(è) nan sou komisarya Bon Repo a ak nan lòt kote. Plis pase yon ventèn komisarya ak sou komisarya epi antènn lapolis sakaje, piye epi boule, mete sou sa atak kont lokal lekòl Nasyonal Polis la”, daprè sa yo eksplike.
Se pou sa k fè, yo fè konprann malgre tout sikonstans sa yo e malgre kèk fwa gen kèk polisye ki konn ap mal aji anvè popilasyon an, yo mande pou tout moun pote kole pou soutni enstitisyon an, paske selon yo menm fòs lòd la pa dwe kaba nan peyi Dayiti. Yon lòt kote, Kolektif la mande pou Wo kòmandman lapolis la ak tout gouvènman an fè kou yo konnen pou pran responsabilite yo.
“Nou egzije pou Wo kòmandman lapolis la ak gouvènman an ak tout moun ki ladan l pou mete plis mwayen pou polisye yo travay keseswa nan materyèl oubyen nan fòmasyon, konsa y ap ka fè fas kare ak nouvo defi yo“, toujou daprè sa yo di nan nòt sa kote yo ankouraje tout moun pou mete men nan tabli sekirite nasyonal la anplis jefò lapolis la dwe fè bò kote pa l.
Boutofen, nan sa ki gade 2 pi gwo prizon peyi a ki kraze yo, responsab yo mande pou gen ankèt ki louvri sou aksyon sa yo. Mete sou sa, yo egzije pou limyè fèt tou pou konn nan ki mannyè 6 polisye ki te mouri yo fè pa t jwenn sekou malgre divès apèl detrès yo te fè.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024