Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Avèk 4 mwa fòmasyon sèlman, 33yèm pwomosyon lapolis la pral sèvi popilasyon an

Mag Haiti by Mag Haiti
March 11, 2024
in Société
0
Avèk 4 mwa fòmasyon sèlman, 33yèm pwomosyon lapolis la pral sèvi popilasyon an

Alòske yo te sipoze pase 6 mwa pou pi piti ap fòme avan yo vin sou teren an, enbyen jodi lendi 11 mas 2024 la, otorite polisyè yo rive gradye 33yèm pwomosyon lapolis la, akòz klima ensekirite a. Sa ki vle di, polisye ak polisyè sa yo ta deja pare pou vin pwoteje epi sèvi popilasyon Ayisyen an sitou nan moman sa kote nèg ak zam pa sispann atake divès estrikti nan enstitisyon polisyè a.

Malgre okenn nòt ofisyèl poko sòti pou di efektivman gen yon nouvo pwomosyon nan lapolis la ki gradye jodi a, men selon divès videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo ak selon SPNH-17 la, gradyasyon 33yèm pwomosyon an rive fèt jodi lendi a kanmenm, kote absans plizyè gwo chèf te vizib tankou chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), Ariel Henry ak minis jistis la, Emmelie Prophète. Se yon aksyon selon sendika a ki pa nòmal ditou puiske yo estime nan moman an, lapolis la ta sipoze plis fòme pase jan li ye la kounya.

“SPNH-17, Sendika Lapolis la, sezi wè DG Elbé Frantz òganize gradyasyon mesyedam 33yèm pwomosyon lapolis la ki pa pase tan nòmal yo dwe pran fomasyon an ki se 6 mwa pou pi piti. Polisye sa yo gradye sou 4 mwa akòz ensekirite. Sendika Lapolis la, panse nan moman sa polisye yo ta dwe pi byen fòme pou yo kapab fè fas ak sitiyasyon ensekirite a pi byen”, se sa responsab yo nan sendika a fè konnen sou kont X (Twitter)yo pandan yo pa bliye soulinye nan 4 mwa sa aspiran sa yo pèdi plizyè semèn nan peryòd enstriktè yo te nan grèv ak pandan yo pa t ka vini nan akademi an.

Nan ka sa, sendika a fè tout moun konnen sa se yon rezon anplis ki pwouve direktè jeneral lapolis la, Frantz Elbé pa gen plas li nan tèt enstitisyon an. Konsa, li fini pou di l “Polisye yo bouke pran wont chak jou nan men bandi ak popilasyon an. Yon lòt lidèchip pou yon lòt Polis”.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 930
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Kolektif Defansè Plis kondane zak banditis ki pa sispann fèt sou lapolis la

Next Post

Update: otorite ayisyen yo pwolonje yon lòt fwa kouvrefe a epi entèdi moun manifeste pandan eta ijans la

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Update: otorite ayisyen yo pwolonje yon lòt fwa kouvrefe a epi entèdi moun manifeste pandan eta ijans la

Update: otorite ayisyen yo pwolonje yon lòt fwa kouvrefe a epi entèdi moun manifeste pandan eta ijans la

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,377)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,883)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,989)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,789)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?