Jounen jodi lendi 12 desanm 2022 a, se lansman 7èm edisyon festival Teyat ak atistik « En lisant» nan Pòtoprens, yon aktivite k ap kòmanse jodia pou fini 18 desanm 2022.
Pou 7èm edisyon festival teyat ak atistik « En lisant» ap gen divès aktivite pwograme tankou kozri, konferans deba, pwojeksyon sinematografik, lekti epi yon seri espektak. Pou jounen jodi lendi an se dramatij Andrise Pierre k ap gen pou dirije yon atelye ekriti teyatrak nan « Institut Français en Haïti.»
Festival sa pral gen pou li dire yon semenn, l ap gen pou envite Onè Andrise Pierre nan kad toune teyat ak atistik «En lisant» k ap make 7èm edisyon li pou ane a, sak pral fèt nan plizyè espas nan Pòtoprens lan, tankou «Yanvalou Bar, Centre d’Art, Institut Français en Haïti», gen kèk seyans k ap fèt anliy epi gen lòt k ap fèt prezansyèl tout envite.
Nan kad kloti 7èm edisyon Festival teyat ak atistik «En lisant» ki pral fèt 18 desanm k ap vini la, li pral gen pou fèt «Yanvalou Bar» kote l ap koute 500 goud sèlman pou Sila yo ki entèrese vini nan konsè sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022