Yè mèkredi 17 dawout 2022 a, nan yon kominike pou laprès, delegasyon pèmanan Ayiti k ap travay ansanm avèk ‘‘UNESCO” anonse Kasav se yon lòt eleman kiltirèl ayisyen ki soumèt nan lis pou l reprezante nan patrimwann kiltirèl imateryèl nan limanite, nan kad yon demach milti nasyonal epi enskripsyon teknik tradisyonèl pwodiksyon ak konsomasyon li.
Kasav se yon eritaj ki gen plizyè syèk depi sou Awayak, Tayinò ki te premye abitan Repiblik Dayiti, presizeman Kiskeya ak Boyo, li soumèt pou li vin yon patrimwann kiltirèl imateryèl nan limanite, sitou nan kad konvansyon 2003 òganizasyon “UNESCO”.
Pou faworize antre Kasav nan lis patrimwann kiltirèl imateryèl nan Limanite, Delegasyon Pèmanan Dayiti k ap travay an kolaborasyon avèk ”UNESCO” te enfòme li gentan lanse kò l dèyè plizyè peyi, tankou Kiba, Repiblik Dominiken, Ondiras epi Venezuela nan pwosesis miltinasyonal ak enskripsyon teknik tradisyonèl pwodiksyon ak konsomasyon kasav la, parapò ak kalite li ak lòt ankò, sa ki pral penmèt li antre nan lis patrimwann kiltirèl imateryèl nan limanite, apati kad konvansyon 2003, òganizasyon ‘‘UNESCO”.
Delegasyon Pèmanan Dayiti k ap travay ansanm avèk UNESCO, sa Dominique Dupuy nan tèt li a te tou pwofite : ” Salye kokennchenn jefò ak kolaborasyon Ministè aletranje ak kilt, Ministè Kilti ak Kominikasyon, Komisyon Nasyonal Ayisyen Koperasyon avèk UNESCO, Biwo Nasyonal Etnoloji, plizyè etidyan ak chèchè anndan Inivèsite Leta Dayiti te reyalize envantè yo, anplis fotograf yo ak videyograf yo ki te kontribye nan monte dosye sa, epi ekspè ki te asire redaksyon tèks ak fich epi tradiksyon li. Tout aktè ak Asosyasyon epi òganizasyon popilè ki te pote kandida kasav nan lis patrimwann kiltirèl imateryèl la bay òganizasyon sa”.
Aprè akseptasyon Soup joumou kòm patrimwann kiltirèl imateryèl nan limanite, kasav se pral dezyèm eleman kiltirèl ki reprezantan Ayiti nan òganizasyon”UNESCO”, ki la depi aprè konvansyon 2003, nan objektif pou l ratifye patrimwann kiltirèl imateryèl nan limanite.
Crédit photo: esty.com
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.
Discussion about this post