2 jou aprè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te anonse Garry Conille kòm Premye minis Ayiti, jodi jedi 30 me 2024 la, Jounal Le Moniteur, resi rann ofisyèl desizyon sa a. Bò kote pa sitwayen an, aprè premye deklarasyon l te fè nan sikonstans la li chwazi remèt demisyon l kòm direktè rejyonal Fon Nasyonzini pou Ti moun (UNICEF) pou vin jwe nouvo wòl li.
«Nou menm Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Fritz Alphonse Jean, Edgar Leblanc Fils , Emmanuel Vertilaire, Leslie Voltaire manm ki ka vote ak Frinel Joseph manm obsèvatè ki pa gen dwa pou vòt nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an(CPT), nan konsansis, nou chwazi mesye Garry Conille kòm Premye minis», daprè sa a ki ekri nan dokiman sa a ki sòti jodi a ki gen pou tit «Arete ki nonmen sitwayen Garry Conille kòm Premye minis».
Pou eksplike chwa a, 7 manm sa yo ki siyen papye ofisyèl la fè konprann sa a fèt konsa aprè yo te fin gade 5 dosye ki te nan men yo a, epi aprè yo te fin tande kòz chak grenn kandida sa yo madi ki te 28 me pase a. Nan menm rezolisyon ki pran an, yo soulinye arete a dwe simaye tout kote san pran tan epi tout sa k ekri yo dwe fèt.
Yo pwofite fè tout moun konnen, Laurent Saint-Cyr ansanm ak Régine Abraham ki pa t prezan lè desizyon an te pran an, enfòme sou arete sa a ki pibliye jodi a.
Nan menm dosye sa a, Pòt pawòl depatman Deta ameriken, Matthew Miller deklare Etazini felisite doktè a epi ankouraje l travay ak tout sektè yo nan peyi a pou lapè ak demokrati kapab etabli kò yo sou teritwa ayisyen an. Peyi Karayib yo (CARICOM) yo menm tou salye chwa sa a epi estime pwosesis sa a se youn nan etap enpòtan yo k ap bout ak bon rezilta pou pèp ayisyen an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024