Nan yon nòt yo pibliye jodi vandredi 31 me 2024 la, Global Protection Cluster (GPC) ki se yon rezo òganizasyon nan Nasyonzini di sa fè yo lapèn fason refijye yo ap viv an Ayiti. Nan pledwari yo ap fè nan dosye sa, yo denonse move lavi refijye yo ap fè fas ak li nan divès sant nan Pòtoprens la.
«Pwoteksyon dwa moun ki deplase entèn yo, espesyalman pou sila yo ki pran refij yo nan sit ki pa bon pou sa, li mete nou nan enkyetid e sitiyasyon an pa bon ditou.», daprè pawòl responsab yo ekri nan kominike a. Yo defann pou di, kote moun sa yo pran refij yo tankou lekòl, legliz, batiman prive kou piblik pa te fèt pou te resevwa moun sa yo ki nan kouri pou vyolans.
Selon yo menm, sit sa yo kondisyon pwòpte yo pa reyini. Nan sans sa, yo soulinye 34 % ladan yo pa gen kote pou moun yo fè bezwen yo, tandiske 66 % nan kote ki genyen yo, yo fè konnen yo pa pwòp.
Mete sou sa, òganis sa ki nan menm pati ak Wo Komisarya Refijye yo (HCR) nan Nasyonzini fè konnen refijye yo pa souvan jwenn dlo potab, ni jwenn manje ak laswenyay ki jiskaprezan parèt difisil pou yo menm. Se pou tèt sa, yo pwofite denonse sitiyasyon vyolans ki Ayiti a, ki selon yo menm lakoz jounen jodi a danje pwoteksyon yo vin plis sou tèt popilasyon ayisyen an.
N ap raple, Òganizasyon Nasyonzini (ONU) te revele nan dat ki te 2 avril 2024 la, anviwon 362 000 refijye paka bay tèt yo manje. Se pou sa, nan lide pou jwenn yon repons imanitè dirab pou asire sekirite alimantè Ayiti, òganis Onizyen yo te fè kwè nan menm dat sa, yo mete anplas kèk inisyativ.
Nan yon premye tan, nou jwenn Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ki deside achete tout pwodui yo konn bezwen yo sou teritwa ayisyen an olye yo enpòte yo. Aprè sa, genyen Òganizasyon Entènasyonal Travay (OIT), ki ede agrikiltè yo nan kiltive pwodui ki ka bout ak farine, epi ede tou sila yo ki nan pwodiksyon kakawo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024