Nan dat Lendi 4 Jen 2022, Jean Robert Brutus, yon polisye nan Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal (USGPN), te sòti blese aprè yon atak bandi ak gwo zam te fè sou li nan komin Kwadèboukè a. Jiskaprezan okenn enfòmasyon poko ka di anyen sou eta sante fizik li aprè zak sa.
Polisye Jean Robert Brutus, pa te sèlman moun ki te nan machin nan, li te gen avèk li sè madanm li epi lòt polisye parèy li tou. Selon Moun zonn nan gen enfòmasyon ki ta vle fè konnen gen youn nan yo ki ta mouri.
Komin Kwadèboukè a se kote bandi souvan ap atake polisye ki sou kontwòl gwoup gang “400 Mawozo”.
Nan dat 6 jen 2022, yon polisye nan antite “UDMO” te pèdi lavi l aprè atak plizyè bandi pandan li te nan yon patwouy. Anplis, enspektè divizyonè Jean Robert Ménard te sibi menm konsekans sa tou nan zonn kafou Marasa, nan dat 15 Jen 2022.
Kidonk, omwen 3 polisye sou 5 sòti blese aprè atak bandi te fè sou yo nan komin Kwadèboukè, pami viktim sa yo gen yon ajan Brigad Lit Kont Trafik Estipefyan (BLTS), Frantz Saint-Paul, ki fè pati lis sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022