Pòtoprens, jounen lendi 4 jiyè 2022 a._ Nou sezi wè kijan moun nan kapital la te mobilize yè dimanch lan pou egzije liberasyon chèf gang baz Pilat la ki rele “Ezéchiel Alexandre” alyas Ze. Plizyè milye moun ki sòti nan katye popilè yo, tankou Kafoufèy, Matisan, Pòtay Leyogann ak anpil lòt zonn ki nan 2èm ak 3èm sikonskripsyon an te foule beton an pou voye yon mesaj klè bay DCPJ pou yo di l: “Ze pa kidnapè, li pa konn volè, se sosyal li konn fè… lage papa lavi”. Prèske tout moun te gen mayo blan sou yo ki gen foto “Ze”, kote li poste tankou yon ti inosan, anpil pankat ak kèk cha ki te pran lari pou te mete animasyon.
Nou tout ta kapab panse te gen gwo lajan ki debloke pou rive fè gwo kokennchenn manifestasyon sa.
Nou sezi wè tou youn nan pi gwo medya nan peyi a ki se Radio Télévision Caraïbes (RTVC) te andirèk nan manifestasyon sa, yon fason pou pote solidarite li ak chèf gang sa ki te gen yon manda dèyè l depi plis pase 2 an pou move zafè. Dayè Radio Télé Caraïbe (RTVC) pran pozisyon li klè parapò ak prezans li nan mouvman sa epi nan tit li te mete devan ekran an: “22 Live Mach pou mande liberasyon Ezéchiel ALENXANDRE”. Kidonk, pou medya sa se kòmkwa se ta yon lidè kominotè “DCPJ” arete a, san li pa fè anyen ki mal. Nou paka di plis sou sa, paske chak medya gen liy editoryal yo, chak moun gen ti gwoup zanmitay yo, preske tout enstitisyon kounya gen ti gang pa yo k ap veye sou yo. Se konsa li ye, peyi a kangrennen ak move pratik ladan li.
Kiyès ki Ezéchiel la menm? Si li pa bandi kisa l ye? Ezéchiel Alexandre (Ze) pa tankou tout lòt kriminèl san fwa ni lwa yo k ap patisipe dirèkteman nan fizye moun yo, fè kadejak oubyen fè kidnapin. “Ze” se yon moun k ap reflechi epi kwòdone lòt chèf gang yo ak distans, se li menm ki la pou mete ola lè 2 gang ap goumen, li reprezante yon pon pou dyalòg ak negosyasyon. Se li menm ki al negosye lajan ak boujwa ak minis pou fè sosyal nan zòn li kontwole yo. Li òganize chanpyona foutbòt ak baskètbòl pou jenn yo, li achte moto pou bay jèn travay, lè yon manman gen yon pwoblèm li paka voye pitit li lekòl se Ze li konn mande èd, li bay manje, li bay travay epi li rezoud konfli moun ak moun akoz pa vrèman gen prezans leta ak lajistis nan zòn sa yo.
Sa pa vle di Ezéchiel Alexandre pa yon bandi pou sa, men nan zòn sa yo nou sot site la li se yon mal nesesè, se pou sa li popilè konsa. Si lapolis pa te gentan mete lapat sou li, nou t ap sezi wè “Ze” ta kapab poze kandida pou depite oubyen senatè depatman lwès douvan jou, menm jan chaje lòt bandi ki te konn jwenn iminite nan palman an avan sa. Ze se premye moun ki te vini ak lide pou federe gang yo, sa vle di se li ki te inisye mouvman G9 an fanmi e alye a. Men, lè li vin konstate yo kenbe Jimmy Chérisier (Babekyou) nan dechoukay la “Ze” te pran distans ak mouvman sa, men sa pa anpeche li toujou kenbe bon jan relasyon ak manb G9 yo. Ze son bon grenn politisyen demagòg.
Ze se moun ki la pou negosye pou yo lage yon moun enpòtan lè yo kidnape l pa erè pou sa pa fè gwo eskandal, tankou lè bandi te kidnape animatris Radio Caraibe la ki rele Caëlle Jean Baptiste. Se Ze ki te la pou negosye, paske li gen kontak tout gwo bandi, tout ti bandi.
Ezéchiel Alexandre nan tèt youn nan pi ansyen gang epi ki pi puisan nan kapital la ki rele Baz Pilat. Se prèske polisye ak kèk grenn sivil ki fè pati gang sa. Baz Pilat mete lapè nan zòn li kontwole yo, tankou depi yo kenbe yon ti vòlè yo tou fann tèt li. Se yo ki te konn goumen kont chèf gang “Ti je” a nan Savann Pistach nan epòk sa, kote Lapolis la te konn bay Baz Pilat bal ak cha blende pou atake Ti je. Nou sonje se nan mouvman sa tou Grégory Antoine (Ti Grèg) te mouri epi Ti je ta fè boule kadav la, men pèsonn paka konfime si li mouri vre oubyen si se sove li sove. Bagay yo anpil !
Sa vle di pèsonn paka vin vann nou Ezéchiel Alexandre, tankou yon ti inosan ni yon lidè kominotè ki pa nan sak pa sa, pito yo di nou li se yon “Bandi legal”, dayè li se yon fonksyonè leta, li dekese lajan lè l vle nan ministè yo pou li fè sosyal epi jere lòt baz yo. Epi nou wè videyo sou sa k ap sikile sou tout rezo sosyal yo, Ze se moun ki abiye chè anpil epi li toujou gen polisye an fonksyon ak li, pouki ba l sekirite, malgre lajistis mete manda dèyè l.
Anplis, Ze ap fonksyone sou lajan koripsyon menm jan ak tout lòt bandi yo, tankou Izo, Tilapli, KrisLa, Bougoy, Lanmò 100 jou, Mikanò, Babekyou, elatriye. Kòman pou w ta fè mete nan tèt ou yon sivil k ap dirije youn nan pi gwo òganizasyon kriminèl ki genyen an Ayiti epi pou li pa kriminèl tou. Ala de koze kremòl, yo pran pèp la pou makak!
An n rele yon chen yon chen, yon chat yon chat. Ezéchiel Alexandre fè pati youn nan pi gwo chèf gang an Ayiti, pèp la pa gen pou li chwazi ant bandi ak bandi legal.
Kisa patizan Ze dwe konprann? Kote Ze nan prizon DCPJ a pa gen okenn moun ki ka fè anyen pou li, pa gen okenn jij kowonpi ki ka blanchi l, pa gen okenn konplo ki ka fè l sove nan prizon sa. Dayè DCPJ pa sou kontwòl PNH la ak 100%, nou ka sezi wè menm ti avyon ki te vin chèche Yonyon an, se li menm ki vin pran Ze, paske blan je vèt yo konnen lajistis lakay nou sèvi kou paswa, “Antre floup sòti floup”.
Si bandi ak patizan li yo mete tout pye yo atè, yo parèt tout kò yo, poukisa nou menm sitwayen konsekan oswa moun ki pa gen men yo sal paka fè yon sèl pou nou denonse epi batay move lawon sa yo?
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022