Yon mouvman te tanmen jounen jodi vandredi 8 mas 2024 la, aprè divès barikad ak kawoutchou te limen nan lari a, sa ki te lakòz anpil kout bal t ap tire nan depatman Latibonit presizeman nan vil Gonayiv (Site Endepandans la ), selon jounal Vant Bèf Info.
Anpil barikad te mete, kote anpil kawoutchou t ap boule nan vil la tou. Se yon mouvman ki lakòz ti machann yo te prese kite lari a epi mete yo alabri, aprè plizyè kout bal ki te deklanche nan vil la.
Sou lòt bò a, nan menm moman an, anpil kout bal pa t sispann tire parapò avèk mobilizasyon k ap fèt kont premye minis defakto a, Ariel Henry puiske yo ta aprann li gen pou rantre nan peyi a koutkekout.
“Deyò deyò nèt, malgre minis ekonomi an ta debloke lajan atè a, nou pa rekonèt Boisvert malgre li di pa dwe gen manifestasyon nan peyi a. Jodi a ou paka anpeche n batay ni manifeste osnon nou te ka anpeche tèritwa pèdi a. Men nou tou pwofite di pèsonn pa dwe anfème kay avèk Rosemila Petit-Frère, Marjorie Michel ak minis ki la yo”, se deklarasyon yon militan fè sou RTE Magazine.
Paralèman, yon ekip anti teyoris nan flòt marin ameriken ta dwe rantre nan peyi a pou pwoteje anbasad amerikèn, toujou parapò avèk vag ensekirite epi zak piyaj ki te fèt nan OAVCT ki touprè li. Yon fason pou yo pwoteje senbòl yo ki nan peyi Dayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024