Alòske Mezon blanch te demanti enfòmasyon an, jodi vandredi 8 mas 2024 la ankò Miami Herald fè konnen se sekretè deta, Anthony Blinken menm ki te mande premye minis Ariel Henry pou l te demisyone. Jounal la fè konnen, pawòl sa te pale ant 2 responsab yo nan divès apèl telefonik ki te fèt ayè jedi a.
“Sekretè deta ameriken an, Anthony Blinken te pouse premye minis ayisyen an, Ariel Henry pou l te anonse demisyon l e yon tranzisyon politik nan yon bann apèl telefonik ki te fèt jedi, e kèk wo responsab depatman deta a te kalifye kòm yon konvèzasyon ki te gen anpil tansyon apèl sa yo”, daprè sa yo fè konnen.
Pou bay plis eksplikasyon toujou, jounal ameriken an fè remake PM nan te prezante otorite ameriken yo ak Karibeyen yo yon pwopozisyon ki kontrè ak sa yo te ba li a. Men selon sa yo fè konprann, Blinken ak tout ekip li pa dakò e rete kwè PM nan pa ta dwe fè pati plan an ditou.
Sepandan, malgre poko gen moun ki pou ta ranplase chèf gouvènman an si l ta aksepte pwopozisyon amerikèn nan, ansyen sou sekretè deta, Thomas Shannon deklare jounal la se Etazini ak CARICOM menm ki dwe idantifye moun ki pral dirije Ayiti a pandan y ap bay tout mwayen posib pou fè sa byen fonksyone.
Credit Photo: Ouest France
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024