Pòtoprens, jounen vandredi 8 mas 2024 la._ Jodi a se jou espesyal, se jounen entètanasyonal dwa fanm, fanm yo ki se manman nou, grann nou, sè, matant epi kouzin nou. Se yon jounen pou tout popilasyon an ta chita boukante lapawòl pou wè kijan pou nou ankadre medam yo plis nan fason pou yo jwenn plas yo merite nan sosyete nou an.
Men pou yon rezon oubyen pou yon lòt, se medam yo ki plis viktim zak kraze brize k ap fèt nan peyi a. Nou paka pa souliye zak malonèt bandi yo fè sou medam yo pandan 3 dènye ane ki sot pase yo. Lè yo kidnape fanm ak tifi, plizyè sanzave fè kadejak sou yo san yo pa mete kapòt, yo bat yo, yo maltrete yo, yo boule plastik lage sou po yo, yo rache cheve yo, elatriye. Nou pa dwe janm bliye jan bandi Gran Ravin konn ap fè kadejak sou yo granm jounen sou wout Matisan an, pandan yo konn ap eseye travèse kafou lanmò sa pou yo ale chèche lavi.
Kòman nou vle pou viktim sa yo padone kadejakè sa yo san yo pa jije ni sibi okenn fòm chatiman? Kòman nou pral mande yon moun ki gen bon konprann pou li « viv ansanm » ak kriminèl sa yo ? Yo touye moun lè yo vle, yo nan tout move zak, poutan jounen jodi a pou yon gwoup moun ap bat bravo pou gang sa yo k ap mache dechouke epi boule komisarya yo.
Gen yon gwoup moun sou rezo sosyal yo k ap eseye fè asepte bandi yo kòm liberatè nou, kòmkwa se revolisyon y ap fè pou yo kraze sistèm peze souse a. Moun sa yo gen yon sèl agiman, depi n kanpe anfas mouvman nèg ak zam yo se paske n ap sipòte Ariel Henry ak tout gouvènman defakto a. Yo fin awoyo sou tout rezo yo, yo anpeche moun pale kòmsi se yo ki gen dwa lapawòl nan moman sa. Se moman yo, gang pran pouvwa a, sipòtè bandi sòti pou mete mizo nan bouch tout moun ki gen bon konprann. Se wololoy, se bèl bagay paske yo di revolisyon an ateri, yo voye Ariel ale!
Men nou menm, nan pozisyon nou- nou p ap janm chanje, nou p ap janm travèse nan kan bouwo yo, nou p ap janm nan sipòte bandi, chimè, kriminèl, kowonpi, machann dwòg, kidnapè ak kadejakè. Nou pa dwe kite moun entimide nou pou nou pa pale, nou konprann ou ka gen laperèz paske anpil moun an Ayiti lage nan gang. Nou ka pa vle pale an piblik pou bandi pa sible nou ak fanmi n, men se pa yon rezon pou n pa goumen ankachèt. Gen moun ki pa dwe sou paj nou, moun k ap aplodi gang k ap mache boule komisarya pata sipoze sou paj nou. Gen kèk enfliyansè ak paj ki rele tèt yo medya nou dwe pote plent pou yo. Tout ti detay konte nan konba kont bandi yo.
Nan mwens pase yon semèn, bandi yo ki reyini tèt yo nan yon federasyon ki rele « viv ansanm » kraze 2 nan pi gwo prizon ki te gen nan peyi a, sa ki lakòz plis pase 5000 prizonye nan lari. Pami prizonye sa yo, gen kèk gwo chèf gang tankou Ezéchiel Alexandre, Bout Janjan, Jouma ki lage, san nou pa bliye lòt kidnapè, kadejakè ak asasen kite gentan jije epi kondane. Jodi a tout move zafè yo deyò ajoute sou sa yo ki t ap bale wouze nan lari a deja. Bandi yo gentan atake epi boule plis pase yon dizèn komisarya ak sou komisarya ki nan zòn metwopolitèn nan, epi yo touye 6 polisye ki te sou plas.
Kòman pou yon moun ki gen bon sans ap bat bravo pou atak sa yo, sou pretèks lapolis konn ap mal mennen popilasyon an? Èske se tout bon vre n ap kite politisyen ak sipòtè gang manipile nou vre pou fè nou kwè se revolisyon k ap fèt? Mezanmi pran tèt nou! pa pran nan manipilasyon, pa kite moun ba nou chèn pou granmesi, paske se nou menm ankò ki pral viktim nan sa k ap fèt la yo.
Daprè nou poukisa bandi ap plede dechouke lopital yo, pandan yo konnen byen enstitisyon sa yo pa gen lajan ak anpil materyèl? Ebyen, Ti Lapli gen pwòp lopital pa l ki konstui nan Gran Ravin, y ap byen ekipe lopital sa yo pou ka fè plis lajan nan biznis trafik ògàn nan. Sa vle di, lè yo fin kidnape n, fanmi nou pa gen lajan pou libere nou y ap tiye nou epi yo pral vann pati nan kò n tankou fwa, ren, poumon epi kè nou. Pa gen anyen k ap fèt pa aksidan atè a la, tout bagay kontwole.
Menm nèg ak zam ki di y ap goumen kont Ariel yo, se menm yo menm k ap travay ankachèt ak premye minis defakto a. Dayè, PM nan annik vwayaje pou ale Kenya pou li mande voye fòs okipasyon an pi rapid, epi se nan moman an tout deblozay sa yo pete pou apiye demach la. Men se byen konte mal kalkile, jwèt la vire kont Ariel paske li sanble tou pran nan mouvman deyò deyò nèt la. Avyon paka antre an Ayiti paske bandi yo te atake ayewopò Toussaint Louverture la. PM nan kanpe an tranzit, ti zanmi Tonton Sam ap jwe lago lago nwèl ak li paske Ton Sam pa renmen dosye kraze prizon an.
Nou pran nòt tout moun ki te fè pati klas politik la lage nan mawon. Nou pa tande gwoup akò Montana a, ni lòt gwoup ki toujou pare pou rele aba yo. Yo pa tr janm gen plan vre, yo pa t janm ateri e yo p ap janm ateri. Tout kanpe sou woulib, youn pa mete yon pwopozisyon atè a.
Antouka, nou la, n ap suiv, paske sa paka rete konsa !
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024