Jounen jodi vandredi 7 oktòb 2022 a, gen yon gwo tansyon ki deklanche nan penitansye nasyonal maten an akoz pwotestasyon prizonye yo pou move tretman y ap sibi anndan espas la, selon emisyon Maten Karayib.
Plizyè ajan nan Administrasyon Penitansye Nasyonal (APENA) te bay anpil gaz lakrimojèn pou eseye reprann kontwòl sitiyasyon an.
Selon Mèt Arnel Rémy :« Gen tout sòt maladi anndan prizon an, tankou malnitrisyon, tibèkiloz, kolera, elatriye. Rapò pil sou pil la, lakoz anpil moun enfekte.»
Anplis, se depi dimanch 2 oktòb 2022 a, prizonye yo te jwenn manje, enfimyè yo pa la tout lannuit pou ede malad yo. Pandan tan sa a, responsab yo refize mete prizonye yo deyò.
Yèswa gen 2 lòt prizonye ki mouri anndan prizon Penitansye Nasyonal la nan blòk Titanik la, pou kounya a 2 kadav yo atè devan brik la, selon fotojounalis Tcharly COUTIN.
Li te ajoute ankò sou paj li: « Nan yon ti gerit devan dispansè a, plizyè kadav prizonye lote pil sou pil pou y al jete pita.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022