Pandan bandi ak zam pa sispann teworize popilasyon an, nan mete dife ak piye antrepriz prive epi piblik nan zòn Metwopolitèn nan, Lapolis sòti dènyè bilan li jounen jodi madi 26 mas 2024 la. Ladan l yo di gen 17 bandi ak zam ki vale dlo bouch yo epi yo sezi plizyè zam nan kad operasyon yo mennen pou mwa sa a.
Nan kad operasyon ak entèvansyon lapolis te mennen kont atak bandi ak zam t ap fè sou enstitisyon piblik ak prive, Lapolis te rive touye 17 ladan yo epi sezi 17 zam tankou Fizi ak kalib 12, AK47, pistolè 9mm, M4 epi yon machin yo pran ki te nan men bandi.
Paralèlman lapolis raple lanmò ansyen polisye Erns Julmé alyas Ti Grèg ki te konvèti tèt li kòm chèf bandi nan Dèlma 95, li te pral pèdi lavi l nan dat 21 mas ki sot pase a aprè li te fin sove nan prizon nan Dèlma 66.
«Wi ! Kòmandman lapolis la pase enstriksyon fòmèl avèk inite Espesyalize pou yo kontinye mennen operasyon an nan lide pou penmèt sitwayen yo reprann aktivite yo san krent ak san presyon», se sa a direktè Lapolis Frantz Elbé fè konnen.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024