Divès ka kolera anrejistre jounen jodi madi 26 mas 2024 la, nan yon sant ki tabli kò li nan zòn metwopolitèn nan, presizeman Lise Nasyonal «Marie Jeanne», selon biwo kwòdinasyon afè imanitè nan Òganizasyon Nasyonzini rapòte (OCHA).
Selon ògan Nasyonzini sa a, li fè konnen gen anviwon 10 ka kolera sispè yo anrejistre pandan 2 jou sèlman anndan kan Lise Nasyonal «Marie Jeanne» lan, se sa ki Ekri nan kominike OCHA a.
Alòske òganizasyon entènasyonal OCHA mansyone moun sa yo deplase, men yo viktim akoz manke dlo pòtab akòz pwoblèm ensekirite sou wout yo. Bandi ak zam anpeche machin sikile nan divès zòn.
Boutofen, òganizasyon Biwo kwòdinasyon afè imanitè a, OCHA, fè konnen li pral distribye plizyè galon dlo ak moun yo ki kouri kite lakay yo nan vil Pòtoprens nan lide pou konble mank yo genyen sou koze dlo pòtab la.
«Sitiyasyon kan an pa bon menm ni kodyòm, anviwon 6000 n ap pwoteje alòske nivo twalèt la pa bon ditou epi nou pa gen papye ijyenik. Se komite a ki òganize li pou li achte papye pou yo, malgre moun yo paka jwenn dlo pòtab pou yo bwè nan kan an. Nou jwenn manje pafwa, genlè n konn fè mwa n pa jwenn li tou», se sa Steeve ki se responsab sant sa a te di nan yon entèvyou enquet’action.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024