Joseph Félix badio youn nan prezime asasen Jovenel Moïse yo, nan yon dokiman jidisyè ki rann piblik ayè mèkredi 19 oktòb la, mande jounalis Luckner Désir pou kenbe tout manti li konn fè sou li nan dosye lanmò prezidan an paske l ap pouswiv li lajistis.
Nan yon dokiman jidisyè ki gen ladan l non ofisye Renand Jolivard kòm moun ki siyen, Joseph Félix Badio akize prezantatè emisyon Maten deba a sou radyo Eclair, Luckner Désir alyas “Louko Désir” tankou moun ki ap denonse, epi fè anpil deklarasyon ki pa vre sou li nan kad dosye lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Nan sans sa, ansyen anplwaye Inite Lit Kont Kòripsyon an(ULCC) fè konnen se li avoka tèt li e l ap gen pou l pouswiv jounalis Louko Désir, pou pawòl malonèt sa yo li fè sou do l yo, si n ap kwè sa ki ekri nan dokiman somasyon li voye bay jounalis la, pa rapò ak “huissier” Renand Jolivard ki te pote somasyon an ale.
Nan dokiman sa sitwayen ayisyen an ekri 3 gwo deklarasyon jounalis la ta fè sou li. “Yon ajans imobilye te gen lajan nan men l depi 7 mwa avan pou jwenn yon kay anfas kay ansyen prezidan an nan enterè Joseph Félix Badio. Badio enpoze irektè jeneral ladwan nan pòtoprens lan, Mr Réjouis. FBI te debake kay Badio nan Nouyòk se kay yon kouzin li l al kache”, daprè sa ki ekri nan dokiman somasyon sila a.
Toujou nan dokiman an, Félix Badio bay prezantatè a 1 jou fran/ sa ki bay 3 jou, daprè eksplikasyon Me Armel Rémy bay nan jounal premye okasyon sou Radyo Televisyon Karayib, pou Louko Désir ta respekte somasyon an. Félix fè konnen l ap pouswiv jounalis la pou pawòl ak fo akizasyon li fè sou do l yo, jan sa di nan kòd penal ayisyen an, nan atik 313 ak 318.
Nan menm kad dosye sila a, “huissier” Renand Jolivard fè konnen se pa li k te ekri somasyon sa ki ap sikile a. “Se sèlman non m ak nif mwen, epi m siyen l se pa mwen ki ekri l“, se sa ofisye a deklare nan jounal Premye Okasyon, jounen jodi jedi 20 oktòb la. Li fè konnen tou, li pa t konnen si se te pou Félix Badio li t ap travay “m sezi lè m tande non m ap lonmen an, lè m tande se pou moun sa m te al fè travay la”, daprè sa li di sou antèn Radyo Televisyon Karayib.
N ap raple Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te mete dèyè ansyan anplwaye Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC), Joseph Félix Badio yon avi rechèch depi aprè zak asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Nan yon lòt bò, ansyen palmantè Jhon Jöel Joseph plede li pa koupab devan yon tribinal ameriken, ayè mèkredi 19 oktòb la, toujou sou dosye lanmò 58yèm prezidan ayisyen an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022