Ayè mèkredi 19 oktòb 2022 a, nan yon odyans nan Tribinal ki te òganize, ansyen senatè John Joël Joseph deside plede li pa koupab, selon enfòmasyon Associated Press/AP pataje. Ansyen Senatè a te jwenn arestasyon nan kad ankèt sou dosye asasina prezidan Jovenel Moïse nan peyi Jamayik epi yo te transfere l nan prizon peyi Etazini.
Ansyen palmantè a, John Joël Joseph ki se youn nan prezime asasen nan dosye ansyen prezidan Dayiti a te deside di ”Non” li pa koupab nan Tribinal Federal nan peyi Etazini an prezans jij Alicia Otazo Reyes, selon menm sous lan.
Toujou selon Associated Press/AP, se avoka prezime asasen an Brian Kirlew ki te di jij la, kliyan li an ap plede li pa koupab akoz akizasyon asasina prezidan Jovenel Moïse la nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021, kote viktim lan menm t ap viv nan pèleren 5 (komin Petyonvil) avèk fanmi li.
Prezime koupab la gen yon akizasyon kòmkwa li se moun ki te responsab bay materyèl pou patisipe nan krim sa, sak te lakoz 58yèm prezidan peyi Dayiti a te mouri.
Ansyen palmantè John Joël Joseph te arete nan peyi Jamayik avèk tout fanmi li, li te rive transfere nan prizon federal Etazini nan mwa me a, kòm youn nan veritab sispè zak asasina sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022