Jodi madi 23 me 2023 a Federasyon Chanpyona Espas nan premye divizyon an «Liga» deside anile katon wouj Vinicius te pran devan ekip Valence lan aprè altèkasyon ki te gen nan match la epi mo rasis ki t ap repete nan bouch fanatik ekip ki t ap resevwa a.
Anplis, Lapolis te pral arete 7 moun yo ta idantifye nan zak sila, kote yo t ap trete atakan Real Madrid la de Makak epi fè li dwèt pandan tout dewoulman match la. Sa ki kalifye kòm diskou rasis.
« Foutbòl Espanyòl la gen yon pwoblèm rasis ak Edikasyon menm…», selon deklarasyon responsab an chèf Federasyon Espanyòl la, Luis Rubiales, aprè ekip Real Madrid la te fin pote plent pou zak rasis sa.
Federasyon Wayal Foutbòl Espanyòl (RFEF) sanksyone ekip Valence lan pou move konpòtman fanatik li yo te genyen akoz yo t ap pwononse mo rasis kont jwè Vinicius Junior. Klèb sa ki pozisyone li nan 13em plas, li pral gen pou l peye 45 mil Ewo epi fanatik li yo pap ka asiste 5 pwochen match ekip la. Pandanstan, ekip sila gen anviwon 10 jou pou li fè apèl avèk desizyon sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023