Ayè lendi 14 novanm 2022 a, peyi Repiblik Dominiken depòte plis pase 66 Ayisyen nan kad sitiyasyon ilegal ak konbat fenomenn migratwa k ap grandi chak jou pi plis akoz sitiyasyon malouk nan peyi Dayiti.
Ansyen minis afè etranje Edwin Paraison, te reyaji nan jounal Panel Magik sou Magik 9 jodi madi a :«Gouvènman dominiken an te resevwa yon gwo pèsonaj depatman Deta pa twò lontan, yo te resevwa li nan palè Nasyonal. Li te rankontre otorite dominiken yo, li te ofri Repiblik Dominiken epi li te aksepte 21 milyon dola Ameriken pou kesyon gwoup minoritè yo».
Repiblik Dominiken ki se veritab peyi vwazen ak sou menm zile ak Ayiti pa sispann depòte konpatriyòt nou yo k al chèche lavi miyò epi ki kouri pou zak ensekirite nan peyi lakay yo. Kote òganizasyon Nasyonzini rekonèt sitiyasyon an pa favorab pou okenn peyi ta depòte Sila sa yo.
Toujou selon ansyen minis afè etranje a: « Sitiyasyon gwoup minoritè sa yo, pami yo Ayisyen ak Dominiken. Moun ki frape arè 168.73, yo konsidere kòm apatrid, sitou gwoup LGBT). Sak te fè gwo tole, patikilyèman sektè” Le Nationaliste“, ki se yon bagay totalman inakseptab, se yon fason pou Etazini devye kantite Ayisyen ki pral nan peyi li a pou repiblik Dominiken ka resevwa li pou yo.»
Sou lòtbò responsab nan Nasyonzini kontinye egzòte lòt peyi pou yo respekte dwa moun k ap viv nan sitiyasyon migratwa yo nan kèlkeswa peyi yo ye, sitou sak nan Nasyonzini.
Edwin Paraison te kontinye pou li ajoute :«Te gen yon apèl ki te sòti kote yon gwo chèf nan Nasyonzini, ki se komisè pou dwa moun nan Nasyonzini. Li te mande peyi ki se kote veritableman ki konn resevwa Ayisyen yo, pou yo pa raptriye yo nan sitiyasyon aktyèl peyi ap konnen, menm peyi Etazini tou.»
Alòske, gen yon dekrè ki sòti nan wikenn ki konsène sila ki anvayi tè ki pa pou yo nan repiblik Dominiken, presizeman teren Konsèy Eta Sik depi epòk Rafael Trujillo, se yon pakèt yo p ap fè anyen sou yo. Kote gen Ayisyen ak Dominiken ki monte sou yo pou fè kay yo mande pou enstans konsène yo, tankou lame, lapolis epi lameri pou fè aplike dekrè sa ki vize retire etranje yo sou teren sa. Malgre gen ladan yo ki gen plis pase 40 an epi k ap koupe kann depi byen lontan dèyè a.
Ansyen minis afè etranje k ap viv peyi Etranje, Edwin Paraison te avanse :«Majorite konpatriyòt pa anrejistre nan plan Nasyonal regilarizasyon ki te fèt ant 2014 ak 2015, pa bliye plan sa te kouvri 52 ak 55%, yon ti minorite ki pa te anrejistre. Kidonk, repiblik Dominiken depòte sila ki pa anrejistre nan plan regilarizasyon Nasyonal ant 2021 ak 2022.»
Malgre tout zak depòtasyon sa yo, anpil nan Ayisyen sa yo pa sispann retounen touswuit nan peyi vwazen an pou y al chèche lavi miyò ak kote lavi fè kwen, keseswa nan kanntè oubyen anba fil.
Pandanstan, kapitenn lame repiblik Dominiken, Jose E. Diaz, te mansyone : «nou anonse tout moun ki gen entansyon vin nan peyi a ilegalman parapò ak bato pou yo evite akoz gen gwo risk ak danje ladan li.»
Fòk nou konnen se pa tout sitwayen Ayisyen k al nan peyi repoblik Dominiken pou move lavi, men gen ladan yo se jis pou yo itilize l kòm pasaj pou y ale nan lòt peyi.
Edwin Paraison te eklèsi sa:«Gen Ayisyen ki ale an repiblik Dominiken kòm espas tranzit akoz y al tann rezistans oubyen nan pwosesis migratwa pou lòt peyi. Puiske paran yo oubyen lòt moun ap fè pou yo, tankou Brezil, Chili, Etazini, Kanada, Ewop. Men, k al viv la pou rezon ensekirite.»
«Nan moman n ap pale la, sitiyasyon depòtasyon Ayisyen yo pa jwenn okenn kontrent bò kote 3 potansyèl kandida pou laprezidans nan peyi repiblik Dominiken, konparativman ak peyi Brezil nan lane 2014» pawòl Edwin Paraison.
Photo: Listin Diario
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022