Nan yon moman kote bandi ak zam ap banbile, nan kase prizon, boule komisarya ak entrepriz, atake menm ayewopò Toussaint Louverture la, Fondasyon Je Klere (FJKL) pa mete dlo nan bouch li pou fè konnen gouvènman Ariel Henry a se youn nan responsab sa k ap pase yo la. Nan rapò yo fè sòti ayè jedi 7 mas 2024 la, yo lonje dwèt sou prèske tout enstans ki konplis nan move sitiyasyon peyi Dayiti a.
“Gouvènman Ariel Henry a pote pi gwo kwa a nan deblozay aktyèl la“, se sa responsab yo di. Pandan yo pa bliye site kòman gouvènman sa pran echèk nan premye misyon l ki se selon yo menm, pwoteje sitwayen ki sou teritwa nasyonal la, respekte dwa moun epi fè respekte menm dwa sa yo tou.
“Depi plis pase 2 lane gouvènman an pa pran okenn mezi pou pwoteje sitwayen yo kont gang ak zam: okenn plan sekirite, okenn plan ranfòsman pou fòs lame yo, fòs polis, ak sèvis ransèyman. Lajan ki la pou ransèyman an yo pito pran l pou fè responsab yo pi rich. Bandi yo pi byen òganize pase Leta nan koze ransèyman”, daprè estimasyon responsab fondasyon an.
Pi douvan, yo lonje dwèt yo tou sou fòs lòd yo ki responsab sitiyasyon an tou. Se sa ki fè, yo raple yo menm yo te toujou di entènasyonal la direktè lapolis la, Frantz Elbé pa gen kapasite pou l nan tèt enstitisyon an paske li gen gwo relasyon avèk gang e l gen pwòp konpayi sekirite l. Fas ak konsta pa yo kote se lapolis ki vinn pè bandi, yo di yo sèzi wè moun wo kòmandman lapolis la pa bay demisyon yo depi dat sa.
Pou lame a li menm, yo fè konnen Wo eta majò a finn granmoun, e kèk nan yo te nan pase anba pye dwa moun nan tan pase yo, e di moun sa pa montre tou li gen kapasite pou ede jwenn solisyon nan moman sa la.
Pou sa ki konsène kominote entènasyonal la, FJKL pa dedwane yo tou, kote l raple se yo menm ki te toujou ap sipòte gouvènman enkapab sa, ak yo menm ki pa t mennen bon aksyon ak sanksyon yo ki fè gang yo olye yo pè se pito fòs yo genyen jounen jodi a.Yo di tou, se entènasyonal la ki te toujou refize lide pou lame a ranfòse ak moun epi ak ekipman, pandan yo presize se yo menm ankò ki te bay konsèy pou mete yon federasyon gang nan peyi a.
Yon lòt kote, yo mansyone avèk bal k ap sòti lakay ameriken pou pase Sendomeng, toulède gouvènman sa yo pa pran okenn desizyon pou frennen zak sa yo jouskaprezan. Kou ki pi mal la selon yo menm, se dèske misyon Soutyen entènasyonal la pa janm ka vini akòz yon bann anpechman ki pa konn genyen deja. Se konsa tou, ni klas politik la, ni fòs ekonomik ak sosyete sivil peyi a, pa gen youn ki inonsan daprè konsiderasyon Fondasyon Je Klere ki fè konprann menm kategori sa yo lage nan iresponsabilite a tou.
Yon gouvènman k ap sove piblik la, se sa yo estime nou bezwen, l ap gen yon prezidan ki sòti nan kou kasasyon, yon kabinè ministeryèl avèk 10 minis san premye minis. Chanjman nan wo kòmandman lapolis la ak Wo eta majò lame a, fè rekritman nan lame ak lapolis, mete yon politik sekirite nasyonal sou pye kote tout enstitisyon ki konsène pral batay pou kontwòl tout teritwa a, fwontyè yo, dwàn yo, pò yo ak sa ki gade migrasyon nan peyi Dayiti, se tout sa yo responsab yo nan Fondasyon Je Klere rekomande pou n ka fè fas kare ak kriz plizyè tèt sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024