Pòtoprens jounen dimanch 18 jen 2023 a._ Pandan premye 15zèn mwa jen sa, gen anpil ajitasyon sou sèn politik la, yon fason pou aktè yo jwenn yon bout ak kriz politik sa k ap depafini ak peyi a depi aprè lanmò trajik ansyen prezidan Jovenel jou ki te 7 jiyè 2021 an. Kominote entènasyonal la ap mete presyon, y ap fè similak epi mesyedam isit yo pa sispann pase moun nan farin.
Nan sans sa, premye minis defakto a Ariel Henri, ansanm ak tout akolit li yo nan gouvènman popouri a, epi kèk manb nan akò Montana a te ale patisipe nan somè CARICOM nan ki te fèt nan peyi Jamayik semèn ki sot pase a. Men anyen pa tonbe, se tankou aktè politik yo te lave men yo epi siye l atè.
Nan deklarasyon li te fè devan tout reprezantan lòt peyi CARICOM yo, premye minis defakto a ki tou jwe wòl prezidan peyi Dayiti tou te deklare: “Nou pa vinn isi a pou negosye lòt akò. Nou la pou n antann nou ak konpatriyòt ki bay enterè nasyonal la enpòtans epi rive nan chimen k ap mennen nou pou n rekonstui demokrasi nou an“. Se tankou ti granmoun enkonpetan an vle di “lajan vwayaj pa sou kont mwen, okenn frè pa sou kont mwen, nou envite m vwayaje, m vwayaje“.
Ariel Henry pwouve lòt nasyon yo se yon pakèt sèvèl fele ak san koutcha k ap dirije peyi a. Li pwouve tou, gouvènman l ap dirije a alèz ak jan peyi a ap fonksyone a. Dayè pa gen okenn enstitisyon k ap kontwole yo, pa gen palman, Jovenel te gentan debwate Koudèkont avan yo te ansasine li. Pou lòt bwat tankou ULCC ak UCREF, sa yo antre fon anba zèl otorite yo.
Kidonk vànn koripsyon an ouvè byen laj, se tankou yon tèt tiyo ki kase epi dlo anvayi zò lan san kontwòl. Kilès ki ka anpeche Ariel Henry foure men l byen fon nan kès leta pou li jere yon gwoup gang k ap ba li panik? oubyen yon gwoup politisyen k ap bwase bil li? Anyen paka sèvi barikad pou rejim Tèt Kale 3zyèm vèsyon sa! Dayè le ou la fason yo toujou gen sipò peyi Lèzetazini nan tout demagoji y ap fè yo.
Pa gen okenn gwoup moun konsekan ki kanpe anfas yo aktyèlman. Ansyen manb opozisyon ki te anfas Jovenel yo vinn dous tankou gason ki pran nan tivoudra, sa ki pa antre nan rivyè koripsyon an deside kite peyi a oubyen fè silans radyo pou bandi legal yo pa pase yo a lenfinitif.
Sa k ta di jounen jodia se Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) ki ta pi gwo alye Ariel Henry? Sa k ta di se ta ansyen avoka pèp la, Bout André ki t ap vinn konseye epi pòt pawòl yon rejim li t ap batay kont li depi 10 lane? Lavi p ap di w, pèsòn pa t panse si yon jèn politisyen plen ak enèji konsa ki te di li se chwal batay kont koripsyon… te ka tounen pi gwo zam pou koripsyon.
Jodi a tout moun dekonstonbre, yo bay vag se tankou Ayiti se yon teritwa pèdi. Plizyè milyon ayisyen deside al viv san papye kay vwazen nou, y ap viv nan kache paske yo pa gen chwa. Pou mwa me a sèlman, imigrasyon peyi Sendomeng depòte 25 459 ayisyen, pami yo 16 516 gason, 6 247 fanm, 1 608 ti gason epi 1 687 tifi. Chif sa yo ta sipoze ba nou kè kase, sitou lè n ap gade imaj jan vwazen ap jere pwosesis depòtasyon yo, dlo ta sipoze kouri nan je nou si nou toujou gen konpasyon ak santiman.
Yon lòt kote, jounal Washington Times te fè konnen pou mwa avril la sèlman, gen 10 437 ayisyen ki gentan vwayaje al Etazini nan pwogram imanitè Biden nan. Anbasad amekiken an Ayiti fè konnen gen 39 000 ayisyen ki gentan apwouve pou pwogram sa sòti janvye pou rive avril 2023. Nan moman an anpil moun ap tann yo jwenn imel ki ba yo yon repons pozitif pou menm pwogram sa, se sa k ap fè aktyalite, se sèl espwa anpil jèn gason ak jèn fi pou yon demen miyò.
Pa gen okenn politik pou ankadre jenès la, pa gen okenn plan pou ede moun ki rete nan peyi a konbat lamizè ak lavi chè. Pa gen okenn plan pou sòti peyi a nan tchouboum nan. Pa gen lespwa, dirijan yo kraze rèv jenès la. Pa gen klas mwayèn ankò, pa gen boujwazi ankò, tout moun nan menm panye. Nou tout jwen menm santans la.
Nan mwa ki te pase yo, popilasyon an te fè yon ti souke kò yo pou bay bandi yo repons ak mouvman “Bw* Kale a”, men se domaj pèp la pa ka kenbe, konba sa twòp pou yo. Gang yo replike moun yo oblije repliye. Dayè sanzave yo gen gwo zam fann fwa, yo toujou gen konntenè zam ak bal k ap sòti kay Tonton SAM pou pase san pwoblèm nan dwàn nou yo. Kijan pèp la t ap ka reziste pou lontan? Nou pran nan konplo!
Jan nou te toujou di li nan ansyen editoryal nou yo, si sa kontinye konsa distans nou rive nan 2030 p ap prèske gen moun onèt nan peyi a ankò. Yo pral rele nou “Repiblik Gangstè”.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023