Pòtoprens, jou lendi 25 septanm 2023._ dènye jou sa yo gen gwo tansyon nan diplomasi ant peyi Dayiti ak Sendomeng akòz peyizan Wanament te pran inisyativ pou kontinye Konstriksyon kannal nan rivyè masak la, yon fason pou wouze plantasyon ki nan bò fwontyè pa nou an.
Daprè istoryen yo, rivyè masak pote non sa paske sòlda espanyòl yo te masakre anpil boukanye fransè bò rivyè sa nan lane 1728, nan kad gwo batay payi Lafrans ak peyi Espay pou kontwole zile a. Anvan Christophe Colomb te debake, Taïnos yo te rele rivyè sa “Watapan”, dominiken yo menm rele l “Dajabón” akoz yon espès pwason dlo dous ki rele Dajao. Men, nou menm an bon kreyòl nou rele li “rivyè masak” ki gen rapò ak non istoryen fransè yo te ba li a.
Pou fè yon ti listwa, jou ki te 20 fevriye 1929 an Ayiti ak Sendomeng te siyen yon akò zanmitay ki di « Nan respè atik 10 trete 1929 la, pou tout dlo ki fèt sou teritwa youn nan 2 peyi yo, kote li travèse pou l ale bout sou teritwa lòt la. Okenn nan yo paka anpeche l koule avèk vitès ni gen lide chanje direksyon natirèl dlo a. Men, li penmèt avèk nenpòt nan yo kapab byen itilize l epi byen jere l nan fason yo ka favorize ekilib epi itilizasyon resous natirèl sa pi byen. »
Nan dat 27 me 2021, te gen yon gwo rankont nan vil Santo Domingo ki se kapital Sendomeng, kote reprezantan peyi Dayiti te fè dirijan Dominiken yo konnen: « Peyi Dayiti nan dwa li tou pou li itilize yon pati nan dlo rivyè masak la, yon fason rezonab epi egal ego selon akò 20 fevriye 1929 la, epi travay Ayiti ap fè la pa gen objektif pou devye dlo a”. 31 me 2021 gouvènman Dominiken an deklare negosyasyon yo kanpe toutotan gouvènman Ayisyen an pa deklare an piblik li kanpe sou konstriksyon kannal la.
Aprè lanmò prezidan Jovenel Moise pwoblèm ensekirite a vin agrave, sikilasyon an paralize, peyizan yo paka travèse vin vann manje yo, sa vle di nou prèske lage vant nou nèt sou kont vwazen an, bò kote pa li, li vin ap fè milyon. Dirijan Dominiken yo ka estime si yo kite kannal la fini, dlo rivyè masak la pral wouze 3000 ekta tè, sa vle di peyizan Ayisyen yo pral byen kiltive epi sa ki pral lakòz lavant la pral bese sou bò pa yo, yo pral pèdi anpil lajan yo te konn antre. Politisyen Dominiken yo sou fè koken, y ap voye pye epi y ap fè sinema, men pèp Ayisyen di Kannal la p ap Kanpe !
Fòk nou raple tout moun Sendomeng gentan reyalize 11 pwojè sou rivyè masak la, nou menm se premye pwojè n ap eseye reyalize depi 2018 ki poko janm ateri akòz fòs politik ak ti gwoup moun k ap pran gwo lajan nan men vwazen an pou aji kont pwòp enterè pèp Ayisyen an. Si nou gen bon konprann n ap wè ak klè jounalis Dominiken te fè apèl ak chèf gang Jimmy Chérisier (Babekyou), li gentan retounen sou sèn politik la ak tout lòt bandi parèy li yo k ap mande rekonsilyasyon ak pèp la epi di yo pral goumen kont gouvènman defakto Ariel Henry a.
Tout sa yo se divèsyon, nou pa bezwen okenn sipò bandi pou kannal la fini, nou pa te janm bezwen yo, nou p ap janm bezwen yo. Dayè premye minis defakto a resi leve pye li nan tribin Loni an, pou li di kannal la p ap kanpe, nou gen dwa tou pou nou sèvi ak dlo a. Se pa nan moman pou n ap ankouraje bandi goumen kont gouvènman an, nou pa bezwen okenn bandi vinn sekirize kannal la pou nou, dayè yo gen defo epi dwèt yo long. Yo ta pral fè nou peye pou nou pase ak materyèl yo epi menm yo menm nan ta pral vòlè materyèl sa yo (Ti bandi, gwo bandi kanpe lwen nan lit pèp la paske paka gen rekonsilyasyon san jistis.)
Prezidan Dominiken an Luis Abinader sèvi ak dosye sa kòm chwal batay li, paske li bezwen vin pi popilè pou genyen eleksyon ki pral fèt nan peyi li nan yon ti tan ki pa twò long epi li sèvi ak tanperaman rasis li tou pou mobilize plis dominiken pou yo atake Ayisyen ki refijye lakay yo.
Abinader fè anpil jimnastik, li rale anpil zèl kat epi vire lang li 17 longè devan kominote entènasyonal la pou l eseye bòykote travay konstriksyon kannal la sou bò pa Ayiti a. Youn nan pi gwo desizyon prezidan dominiken an pran se fèmen fwontyè yo ki lakòz 2 peyi yo paka fè komès depi kèk jou. Nou wè videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, anpil komès peyizan dominiken kòmanse gate, anpil konntenè tomat, chou, piman, zonyon, epis epi afriba ap bay move sant. Men, se pa fòt pa nou menm Ayisyen si pa gen bon amoni nan komès la, se towo ki rele Abinader la ki panse li se prezidan zile a.
Depi lanmò ansyen prezidan Jovenel Moise, Abinader finn wè mò, se li k ap pran lapawòl pou Ayiti nan tout tribin, nan tout ti reyinyon kote se dosye Ayiti a li rale. Kounye a se pirèd atò, anplis dosye ensekirite a, prezidan dominiken an vinn jwenn dosye kannal sa pou li fè lòbi pou peyi Sendomeng menmsi li toujou nan lis peyi ki gen anpil krim epi k ap pase dwòg. Dènye jou sa yo pa bon menm pou ayisyen k ap viv kay vwazen an san papye; ajan imigrasyon yo sèvi ak anpil vyolans pou trake epi chase refijye yo. Kòm Ayiti pa gen dirijan, se yon bann popetwèl ak koriptè k ap gagote lajan leta a, nou la n ap pran nòt epi n ap tann vwazen an nan kafou jennen an.
Bay kou bliye pote mak sonje ! Blese a geri men li fè sikatris. Nan lane 1937 pou menm dosye rivyè masak sa epi pou fè pwopagann, diktatè Rafael Trujillo te fè lame dominiken masakre plis pase 20 000 peyizan Ayisyen, paske li te estime yo pa te rete nan limit teritwa yo. Anpil dominiken gen rankin pou ayisyen, paske yo di Sendomeng t ap pi lwen si nou pa te okipe yo pandan 21 lane, men nou menm tou nou p ap janm bliye jenosid sa yo te fè sou peyizan nou yo ki pa te menm gen zam.
Nou pa sou goumen ak pèsonn, men fòk yo pridan pou ti bouton an pa tounen maleng. Dayè yo konnen byen nou se yon pèp konbatan ki gen san Jean Jacques Dessalines k ap koule nan venn nou, depi bonèt nou chavire, lwa Ogou Feray monte nou, kout kanno ap tankou lafimen pou nou. Ou mèt tande vwazen gen chablennde, yo gen elikoptè ak anpil gwo zam lagè… yo konnen byen yo paka kenbe chalè sa. Yo pa gen zen sa nan men yo!
Jan bagay la di a, nenpòt fason fòk kannal la fini pou nou kòmanse pran endepandans vant nou anvan chanboulman an pou nou frennen bandi ak magouyè politik.
Fòk lakou a trankil, fòk lakou a wouze !
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023