Aprè yo finn anvayi Sodo nan lannuit vandredi 22 septanm nan, bandi ak zam Kanaran yo rive boule komisarya zòn nan. Selon enfòmasyon Sendika Polis la(SYNAPOHA) bay, espas komisarya a te gen sèlman 2 grenn polisye ki disparèt jouskounya.
Nan divès videyo k ap sikile sou entènèt la, gen plis pase yon ventèn moun ki te sou kontwòl bandi yo. Alòske gen plizyè lòt ki ta mouri oubyen blese selon kèk temwen. Pi douvan menm bandi sa yo ki ta fè pati gwoup gang Kanaran Jeff ap dirije a, montre a klè kijan yo mete dife nan komisarya komin Sodo a, ki nan depatman Sant peyi a.
“Yo gentan pran tout vil la nèt nan moman an, maten an yo kidnape yon moun aprèmidi a yo touye 3 moun selon sa nou konnen pou moman an. Men yo te anonse y ap vinn pran vil la depi nan jou pase yo“, daprè deklarasyon youn nan viktim yo ki resevwa yon bal nan ponyèt ki pou kounya ap pran swen nan yon lopital nan depatman Sant la.
Pou ane 2023 a, bandi ak zam boule plizyè komisarya nan divès vil nan peyi a, ladan yo nou ka site komisarya Tomazo a, Savann Pistach, Ti rivyè Latibonit, Fò Jak, ak lòt ankò. Nan moman an, abitan Sodo, Mibalè ak zòn sou kote yo ap lanse SOS depi ayè vandredi a pou lapolis ka vinn ede yo konbat bandi nan depatman an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023