Pòtoprens jou dimanch ki te 2 Oktòb 2022 a._ Gouvènman defakto a ki gen nan tèt Ariel Henry kòm premye minis, kanpe dan di sou desizyon monte pri gaz la ki lakoz peyi a paralize depi prèske yon mwa. Nan menm lanse sa, Nesmy Manigat kòm minis edikasyon nasyonal toujou kanpe sou dezizyon pou louvri lekòl demen lendi 3 oktòb sou tout teritwa nasyonal la.
Men, kesyon pou moun sa yo ta poze tèt yo kijan yo pral fè louvri lekòl pandan yon chofè moto ak kamyonèt ap peye yon galon gaz 3500 goud jiska 5000 goud? Kijan pri kamyonèt ak moto pral ye nan peryòd sa yo? Èske tout elèv ak paran yo pral oblije mache ak pye? Se timoun ki rete nan yon komin poutan ki pral lekòl nan yon lòt kominn yo? Pri lamanjay ki monte tèt nèg la, kijan fanmi yo pral jere sa?
Lekòl paka tann Nesmy Manigat, kisa n ap fè?
Depi plizyè mwa nou remake minis edikasyon an ap fè yon gwo kanpay nan tout medya nan kapital la pou li pale sou liv inik la li vle enpoze pou ane akademik 2022-2023. Anpil bèl diskou, anpil gwo deba sou dosye sa, anpil piblisite kòmkwa minis lan vle chanje done yo nan avantaj timoun yo.
Kisa liv inik la ye? Liv sa ap disponib nan vèsyon tradisyonèl kote l ap fèt ak papye epi yon vèsyon nimerik. Anplis, liv inik la baze sou divès chanjman, kote lang kreyòl la makonnen ak listwa ak lakilti, k ap nan plizyè lang. Nan premye ane fondamantal tout lekòl alawonbadè, prive kou piblik gen 5 matyè ki obligatwa pou timoun sa yo aprann ki se kreyòl, fransè, syans sosyal, syans eksperimantal epi matematik.
Nan vire won nan medya yo, minis Manigat te fè konnen liv inik lan ap pi avantaj pou paran yo, paske li pral ede yo fè anpil ekononomi, anplis metòd tradisyonèl la te fè yo anpil abi. Kote li te menm pran egzanp sou anpil lekòl ak anpil editè ki t ap plede fè paran yo abi, sitou pou matyè, tankou matematik ak fransè. Kote chak chapit, tankou adisyon soustraksyon, fraksyon gramè, òtograf, elatriye. te gen yon liv apa pou yo.
Men nan rayalite a tout sa yo se literati, tout sa yo se fab chwazi si mesyedam ki nan tèt gouvènman defakto a pa ateri. Kesyon gaz la enpòtan anpil pou avansman sosyete a paske se sèl avantaj moun ki rele tèt yo swadizan “dirijan” yo kapab itil peyi a nan ofri sibvansyon gaz la. Paske, popilasyon an ap peye taks chak jou, men li pa jwenn okenn benefis an retou, moun yo pa jwenn ni lopital, ni sèvis ki pi ba yo, elatriye. Se endividi ki nan leta ak alye yo k ap tete bèf la sèlman. Fòk van an vire, mas pèp la dwe jwenn, leta dwe envesti nan timoun lekòl yo, paske se yo ki se avni peyi a.
N ap sonje nan dat 20 me 2011, ansyen prezidan Michel Martelly te enpoze dyaspora yo yon taks $ 1.50 sou chak transfè y ap voye nan peyi Dayiti. Lè sa premye rejim Tèt Kale a te di lajan sa l ap kolekte li pou asire l pitit pèp la jwenn moso levasyon gratis nan peyi a. Tout moun te aplodi inisyativ sa, paske se yon fason pou moun k ap viv nan peyi etranje yo sipòte devlopman peyi a. Se t ap yon bon kou si dirijan isit pa te tankou chat k ap veye mantèg, dwèt yo long tankou limena ki mete fo zonj epi nen yo frèt tankou nen chen.
An 2018, Bank Santral sòti premye rapò sou taks sa pou fè konnen leta kolekte 120 130 745. 50 dola ameriken depi lè yo te kòmanse an jiyè 2011. Sa vle di aprè 7 tan dirijan yo te resi deside bay yon premye rapò sou yon lajan ki la pou ede timoun yo al lekòl, yon egzèsis ki ta sipoze fèt chak avan ane akademik yo louvri, paske se pou ede timoun al lekòl y ap rasanble li.
Nou sonje valè eskandal ki te pete nan pwogram PSUGO sa, moun ki gen lekòl vre k ap jwenn lajan, direktè k ap touche plizyè fwa, palmantè ki fè ti zanmi yo ki pa kalifye benefisye, elatriye. An gwo lajan timoun lekòl yo tounen yon sous pou koripsyon.
Depi lè sa popilasyon an pa janm jwenn okenn nouvèl sou lajan sa k ap rasanble an reyalite pou gonfle pòch mesyedam nan pouvwa a. Daprè done ki disponib sou sit Bank Mondyal la, sou kantite lajan dyaspora voye nan peyi Dayiti sòti nan lane 2011 pou rive 2021, lajan transfè yo depase 24 milya dola ameriken. Pou lane 2011 lan lè pwogram eskolarizasyon Inivèsèl Gratis Obligatwa (PSUGO) an te kòmanse, dyaspora te voye 1.55 milya dola an total. Men, nou remake toutotan kriz la ap anvlimen, se toutotan dyaspora a ap voye plis lajan.
Pandan kriz la te kòmanse ap pran pik li an 2018, Ayiti resevwa 2.97 milya dola. 3.03 milya nan lane 2019, 3.46 milya an 2020 epi 4.2 milya dola an 2021. Nou mèt atann chif yo ap prèske rive depase 5 milya dola pou 2022 a, paske dyaspora a se sèl sous finansman peyi a pou kounye a. Sa vle di gen anpil lajan k ap brase nan pwogram PSUGO a, men se pa elèv k ap benefisye yo vre, anplis nou p ap jwenn rapò. Nèg ak fanm isit derefize bay kont sou lajan yo ba yo jere.
Nou fè apwòch sa yo pou nou montre minis Nesmy Manigat leta a gen ase mwayen nan men li pou li finansye lekòl gras ak pwogram PSUGO a. Jan li toujou ap balanse eslogan “Lekòl paka tann” lan, si li te gen bon volonte vre, si li te anvi lekòl louvri vre li t ap pran plizyè desizyon, tankou mete gwo bis pou elèv yo sikile gratis ti cheri, finansye lekòl piblik kou prive sou tout teritwa peyi a, finansye kantin popilè nan lekòl yo, elatriye. Menm la ankò, paran yo pa t ap pran chans voye pitit pran chimen lèkòl nan lari chen manje chen sa. Fòk pwoblèm ensekirite ta jwenn yon solisyon avan, paske sanzave yo pral rekòmanse kidnape pitit malere yo epi mande yo lajan yo poko janm konte nan vi yo.
Nou sezi wè moun ki rele tèt yo entèlektyèl, sitou Nesmy Manigat ak Emelie Prophète kanpe djanm dèyè do yon gouvènman k ap toupizi moun konsa. Sa pwouve nou kèlkeswa ran sosyal moun lan, kèlkeswa nivo fòmasyon li ak sajès li te genyen depi l antre nan sistèm peze souse sa li transfòme. Dayè nenpòt jan panye ki plen zoranj vèt la ye, depi w lage yon zoranj pouri ladan li, se tout lòt yo-l ap gate. Men pafwa nou konn twonpe nou tou, zoranj vèt la konn gentan gate pa anndan, vè konn pike li san nou pa wè. Aparans se rans!
Pozizyon nou klè, nou p ap sipòte moun ki vle fè politik ak lekòl ni ak lamizè pèp la. Men nou p ap pran pòz nou pa konprann reyalite peyi a tou, anyen paka mache pou kounya. Lekòl paka louvri jan pri gaz la ye la, paske li afekte popilasyon an anpil. Dayè leta a se kèk milye moun li bay travay menm jan sektè prive a. Aprè dyaspora a ki kenbe ekonomi peyi a, se bras chofè moto ak kamyonèt ki asire lamanjay ak aktivite ti machann yo. Tout kategori sa yo depann sou gaz la.
Nou te di li, n ap redi l anko: Jwèt la santi di ! Oswa gaz la bese oswa nou tonbe nan gwo katchouboumbe nan peyi a. Monte gaz la se youn, jwenn ponp pouki disponib pou vann li an se 2.
Bali gaz mesyedam!
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022