Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te fè konnen nan dat 26 dawout pase a fòk tout lekòl ta louvri pòt yo 3 oktòb 2022 a. Alòske anpil paran panse dat sa pap respekte toutotan premye minis Ariel Henry pa retounen sou desizyon monte pri gaz la.
Aprè ministè edikasyon nasyonal te fin pibliye dat pou lekòl yo ta louvri pòt yo, nan yon kominike pou laprès 26 dawout 2022 a, chèf gouvènman an nan bò pa l te anonse nan yon adrès pou nasyon an, nan dat 11 septanm lan li pral monte pri gaz la. Anons sa ta pral ankouraje popilasyon an foule beton an, pou kontinye mande premye minis lan kite tèt pouvwa a, epi mande l pou tounen sou desizyon sa a.
Akoz twoub ki gen nan peyi a, Mag Haïti rankontre kèk paran ki pa kache enkyetid yo pou jan yo wè sitiyasyon an ap dewoule a. Pou anpil nan yo, li enposib pou yo ta voye pitit yo lekòl jou lendi 3 oktòb la.
Jacqueline se manman 2 pitit, pou li menm zafè 3 oktòb la se zafè pa minis, Nesmy Manigat. “Pou mwen antre lekòl sa a pap posib toutotan peyi a pa estab, epi fòk minis edikasyon an degaje li pou jwenn bon jan solisyon, paske timoun yo gentan pèdi plizyè jou lekòl”. Malgre Jacqueline te gen chans jwenn moso levasyon, lavi a pa sispann bal pataswèl. Se pou sa, depi kounya li gentan ap reflechi kijan l pral fè mennen 2 pitit li yo lekòl Dèlma alòske li rete Kafoufèy pandan kriz gaz la ak tout bandi pa sispann bwase bil peyi a.
Pandan tan sa ni minis edikasyon an, Nesmy Manigat, ni premye minis Ariel Henry pa janm di anyen sou dat 3 oktòb la. Kesyon pa sispann poze bò kote paran yo, e yo sanble pa menm gen repons, alevwa pou ta konn si yo pare pou ouvèti lekòl la.
Nan bò pa Junior ki se yon enjenyè epi pwofesè lekòl, li fè n konprann kou dlo kòk li pa pare pou l voye grenn pitit li a lekòl. Daprè jèn gason an “gaz la ak lajan ameriken an se baz ekonomi peyi a, manyen youn se bay enflasyon pye sou pèp la”. Junior te kontinye pou l di “sa k ap pase la menm anseyan yo ta dwe wè l pa bon pou lekòl yo ta louvri”. Pwofesè a ale pi lwen toujou pou l di boujwazi a se eleman kle soufrans pèp la ap andire yo “Mwen vinn konprann pa gen prezidan ki pa ka fè pou nou, men pou yo fè fòk yo dakò elimine tout boujwa paske se yo ki pwoblèm lan”.
Marie-Michelle li menm fè nou konprann se tande li tande lekòl ap louvri 3 oktòb k ap vini la men li menm, menm yon grenn kreyon l poko achte alevwa pou li ta fè inifòm ki son gwo manman penmba nan men l “zafè lekòl sa ban m tèt fè mal, si yo te ka avanse dat la li t ap pi bon pou mwen”.
Pandan pifò nan paran yo ap mande pou leta ta repouse dat ouvèti lekòl la, Yo ta byen renmen voye pitit yo lekòl men kesyon gaz la ak kidnapin lan pa sispann boulvèse lespri yo. Gen sila yo ki pito lage konba a nan men letènèl, menm jan ak Josseline ki di “Jezi sèl ki pou di yon mo” pou li ak 2 pitit li yo paske l pap al bay kidnapè pran yo pou li nan lari a.
Aprè plis pase yon mwa ap manifeste kont pouvwa anplas la, sòti 22 dawout pase pran jedi ki te 29 Septanm lan, gouvènman an ta sanble pa tande ni wè mizè pèp la. Mete sou sa minis zafè etranje a, Jean Victor Généus pa t bliye mansyone devan konsèy sekirite Òganizasyon Nasyonzini(ONU)an “tout bagay sou kontwòl“, alòske ni paran ni pwofesè tout lage de men pandje ap ret tann otorite yo pou konn sa y ap fè pou ouvèti lekòl la ki ta dwe mete pou yon lòt dat.
Non sa yo nou itilize nan atik la se pou pwoteje idantite paran ki mande sa.
Crédit photo: UNESCO
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022