Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Éditorial

Editoryal: kòmanse gen gwo panik ak kè kase nan kan bandi yo!

Mag Haiti by Mag Haiti
May 19, 2024
in Éditorial
0
Editoryal: kòmanse gen gwo panik ak kè kase nan kan bandi yo!

Pòtoprens, jounen dimanch 19 me 2024 la, sendika bandi yo tout moun konnen sou non «Viv ansanm» te rive òganize yon gwo manifestasyon nan rantre Sid kapital la. Plizyè milye alye gang yo te pran lari pou di yo pa vle fòs lokipasyon k ap prepare pou vini konbat aktivite teyoris yo. Anpil moun ki sòti Matisan, Gran Ravin, Vilaj Dedye, Pòtay Leyogàn ak Fontamara te patisipe nan mouvman sa a yon fason pou yo kontinye kore bandi yo k ap bale wouze nan peyi a depi byen lontan.

Pifò nan manifestan yo te bouche figi yo ak kagoul oubyen mouchwa. Yo te pwofite voye anpil pawòl piman bouk sou kominote entènasyonal la ak tout Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki, daprè yo menm, vle remete peyi a sou lokipasyon. Men kesyon pou moun tèt dwàt ta poze tèt yo : Poukisa majorite moun ki t ap manifeste yo te gen kagoul ? Èske se pa fòse bandi yo te fòse yo pran lari ? Paske tout moun konnen deja tout zòn sa yo sou kontwòl nèg ak zam sa yo depi plis pase 10 lane.

Fòk nou di tou, anpil moun ki rete nan katye sa yo ap viv sou kont bandi yo, sa vle di se lajan kidnapin ak lajan vòlè k ap ba yo manje. Sa vle di tou, kategori moun sa yo ki konn jwe wòl siveyè, rapòtè, antèn pou bandi yo t ap toujou pran lari pou defann kòz gang yo. Nou pa di zòn sa yo pa gen moun serye ankò, men nou panse nan refòm ki gen pou fèt yo, leta sipoze deplase tout moun sa yo oubyen triye sa ki bon moun yo. Li t ap bon si l kraze zòn sa yo plat pou kreye yon gwo sant komèsyal k ap resevwa bato ak komèsan ki sòti nan lòt peyi. Si n ap byen analize rantre Sid kapital la, n ap konprann zòn sa twò enpòtan pou ekonomi peyi a pou n ta kite l nan men bandi.

Anpil gwo deklarasyon ap fèt sou deplwayman fòs entènasyonal la nan peyi D Ayiti, avyon lame amerikèn fè antre sòti nan ayewopò Toussaint Louverture a pandan 3 dènye semèn ki sot pase yo. Nou gentan resevwa kèk cha blende ak materyèl militè pou fòs miltinasyonal la se sa k fè tèt bandi yo cho tankou vè lanp la. Yo konnen byen yo pap kapab taye banda menm jan an ankò, yo konnen tou wout Matisan an pral debloke epi yo sispèk anpil sitirans pral fini menmsi genyen nan gang yo se pou blan y ap travay.

Babekyou fè deklarasyon sou deklarasyon, lòt kriminèl «Viv ansanm» yo pale tou, men ou santi yo kòmanse pran nan kraponnay. Tout jimnastik sa yo se paske yo konnen fòs etranje a pral mete bagay nan men yo epi popilasyon an pral rale yon souf.

Pozisyon nou klè, nou pa renmen lè Ayiti sou lokipasyon, men tou fòk nou klè ak tèt nou paske nou paka sòti nan deblozay sa a poukont nou vre. Polis Nasyonal la pa gen ase manm ak materyèl pou fè fas kare ak gang sa yo, epi se lame ki ka goumen kont teyoris, se fè ki koupe fè.

Pou moun laplèn ki te konn ap defann chèf gang Chen Mechan an kòmkwa li se yon bon bandi, se zòn nan l ap defann kont lòt gang yo, jodi a tout moun ka wè a klè Chen an livre laplèn bay gwoup gang Jeff la ki baze nan Titanyen. Ti sòlda Jeff fè laplèn tounen yon zòn wouj, tout kote bloke, yo dechouke tout biznis nan zòn nan epi fè kadejak sou fanm yo vle anba je Chen Mechan. Sa vle di, pa gen bon ak move bandi, tout bandi se bandi.

Yon lòt kote, n ap gade ak anpil tristès tout deblozay k ap fèt nan mitan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Chak jou gen yon nouvo plenyen, yon moman ou tande se Edgard Leblanc ki prezidan yon lòt moman ou tande chak moun nan konsèy la pral fè yon ti kout souse manmèl. Finalman, fòk pèp ayisyen an konprann se jenerasyon politisyen sa yo menm ki problèm nan, paske yo paka “Viv ansanm” menm jan bandi yo konnen pou yo fè l la. Yo chak nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an gen yon kalandriye ak misyon pou yo vin defann pati politik pa yo. Se pa bagay peyi k ap regle la.

Nou wè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap fè pwomès sou pwomès, se tankou yo plen tan devan yo pou yo ekzekite kalandriye politik mèt yo. Nou menm nou klè sou sa a, konsèy sa dwe sèvi ak zouti pou retabli sekirite nan peyi a yon fason pou yo òganize eleksyon nan yon ti tan tou kout. Sa a ta sipoze sèl misyon l.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 638
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Sekirite : Etazini bay Lapolis an Ayiti 10 machin blennde

Next Post

Haitian Compas Festival échoue à mettre notre culture en valeur

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Haitian Compas Festival échoue à mettre notre culture en valeur

Haitian Compas Festival échoue à mettre notre culture en valeur

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,724)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,980)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,139)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,900)

Nouveaux Articles

  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan
  • Sanction du Barreau : Me Caleb Jean-Baptiste dénonce une mesure illégale et arbitraire
  • Corruption au MJSAC : un rapport d’ECC épingle la ministre Niola Sarah Devalis Octavius

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?