Nan yon entèvyou li bay Vwadlamerik (VOA Kreyòl), ayè nan lannuit madi 27 fevriye 2024 la, ansyen direktè jeneral lapolis la, Léon Charles deklare se gadyen prezidan Jovenel Moïse yo ki te livre l. Nan sans sa, pou tante defann tèt li, li fè konprann ta gen gwo konfizyon nan òdonans jij Walter Wesser Voltaire a puiske l di se pat janm li menm prezidan an te rele avan.
“Gadyen yo te livre prezidan an, paske direktè jeneral la pa gen kòmandman dirèk sou twoup polisye ki t ap asire sekirite prezidan an“, Daprè sa ansyen chèf lapolis la fè kwè. Mete sou sa, kontrèman ak rapò jij la ki di mesye Charles te resevwa apèl defen an nan 1è15 nan maten, li presize pou di se ak 1è34 li te resevwa apèl detrès chèf leta a, e fè konprann sou menm lanse a li te mobilize tout inite wo kòmandman an pou te al sove lavi Jovenel Moïse.
Pou sa ki konsène apèl James Solage ak Joseph Vincent li te refize pran yo, Léon Charles di konsa se yon bon desizyon l te pran dèske li revele VOA Kreyòl, li te prèske gen konviksyon se ekip Dimitri Herard la ki te nan konplo a, kidonk se sa k fè li te plis ap bare pou kenbe moun yo te arete nan 7 jiyè 2021 an, olye l te chita pale ak asayan yo.
Pi lwen, ansyen reprezantan Ayiti nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) fè tout moun konnen li pat nan konplo pou touye ansyen chèf leta a. Se pou sa, li di ni Joseph Félix Badio ni Pierre Esperance ki temwanye kont li a se yon bann manti y ap bay sou li paske premyeman li pat patisipe nan okenn reyinyon jij Voltaire di nan rapò a, e dezyèmman l te fè tout sa l te dwe fè pou al pote defen an sekou.
Boutofen, li fè kwè menm direktè egzekitif Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun (RNDDH)nan, Pierre Espérance k ap plede akize l la, li menm li te nan chita pale ak youn nan prezime otè krim nan pastè Christian Emmanuel Sanon nan peyi Etazini. Li ajoute pou l di tou, kontrèman ak sa k ap di yo mèsenè kolonbyen ki te mouri nan operasyon 7 jiyè aprè zak ansasinay la, se pat egzekiyon l te ye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024