Nan kad odisyon l te genyen ayè lendi 26 fevriye 2024 la, majistra ki sou dosye koripsyon nan Kès Asistans Sosyal(CAS) la jwenn ansyen direktris la, Edwine Tonton konn resevwa plis lajan sou kat debi l pase kòb yo konn peye l chak mwa a. Selon eksplikasyon akize a bay, lalwa finans 2021, 2022, 2023 ta pwoteje l kont endis sila ki ta pwovoke dout kay jij yo.
Chif yo fè kwè, ansyen direktris CAS la te konn resevwa 600 000 mil goud sou kat debi l chak mwa, tandiske pou menm tan an li te konn touche 81 000 mil goud epi te konn jwenn 225 000 pou gaz.
Pou pote plis limyè pou jij yo ki eksprime dout yo sou kantite lajan kat debi a ki plis pase sa l konn touche a, madanm Tonton fè deklarasyon sa konsa “lalwa finans 2021, 2022, 2023 yon kat debi pa gen yon montan fiks“, pandan videyo k ap sikile sou rezo sosyo yo montre tou li ta jwenn kèk enstriksyon nan men avoka k ap defann li an nan moman odisyon an. Yon lòt kote, li fè kwè nan kès Asistans Sosyal la pa gen okenn avantaj moun jwenn ki kontrè avèk sa lalwa di epi mande.
Pandantan sa, pou kontinye mande jij yo gras malgre yo te refize l sa deja depi 19 fevriye pase a, Edwine Tonton fè kwè se anba gwo doulè li ap viv nan prizon an akòz li soufri atroz. Pi lwen, li presize pou reprezantan lajistis yo li pa wè règ li depi jiyè 2023. Poutan, jouskounya poko gen okenn desizyon ki ta pran pou akòde l men leve jan l ap mande l la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024