Aprè yon tèt ansanm yo te genyen ayè jedi 21 desanm 2023 a, Konsèy minis la ak tout gouvènman an mete yo dakò pou premye minis Ariel Henry ak kèk lòt fonksyonè leta al reponn kesyon lajistis nan kad lanmò prezidan Jovenel Moïse la. Selon Radio Métronome, depi semèn k ap vini la li posib pou jij Walther Wesser Voltaire ta kòmanse tande moun sa yo non yo site a.
Menm jan ak plizyè lòt pèsonalite, chèf gouvènman an fè pati moun ki pa janm deside vinn reponn kesyon jij Voltaire. Konsa, jounen jodi a daprè sa konsèy minis la deside pa ta dwe gen pyès difikilte pou Ariel Henry, ak kèk minis epi direktè jeneral ta parèt douvan jij pou ankèt sou lanmò ansyen prezidan Moïse la.
Pami moun majistra a vle tande yo nou jwenn premye minis Ariel Henry, minis planifikasyon ak koperasyon Ekstèn, Ricard Pierre, minis ekonomi ak finans, Michel Patrick Boisvert, direktè jeneral DINEPA a, Guyto Édouard, direktè jeneral ministè enteryè ak kolektivite teritoryal, Amos Zéphirin, direktè jeneral ajans nasyonal lè pwoteje yo(ANAP), Jeantel Joseph ak lòt toujou.
N ap raple se depi nan mwa dawout pase a, jij Walter Wesser Voltaire te mande pou komisè gouvènman Pòtoprens la, Edler Guillaume pèmèt moun sa yo vinn douvan lajistis. Selon òdonans sa, moun sa yo dwe pale paske yo gen divès akizasyon tankou asosiyasyon malfektè, vòl ak zam, teyoris, tantativ ansasinay sou 58yèm prezidan ayisyen an ak tout madanm li, Martine Moise ki peze sou do yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023