Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

Dosye Jovenel Moïse : Mario Antonio Palacios plede koupab douvan lajistis Ameriken

Mag Haiti by Mag Haiti
December 22, 2023
in Justice
0
Dosye Jovenel Moïse : Mario Antonio Palacios plede koupab douvan lajistis Ameriken

Nan kad ankèt k ap mennen sou zak asasinay ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse la, Mario Antonio Palacios ki se youn nan akize yo plede koupab jounen jodi vandredi 22 desanm 2023 a. Selon Miami Herald ki site pwokirè federal Andrea Goldbarg ak Monica Castro akize a se vre te bay materyèl men li pa te jwe yon twò gwo wòl nan zak ki te pase a.

Alòske l te fè konnen li pa te janm gen men l tranpe nan touye pyès prezidan nan ane 2021, jounen jodi a ansyen sòlda kolonbyen an, Mario Antonio Palacios resi deklare li koupab nan lanmò Jovenel Moïse la. Men, daprè sa jounal Ameriken an rapòte jan lòt akize yo enplike byen fon nan dosye a, se pa konsa Palacios ta enplike li menm.

“Palacio te jwe yon ti wòl, paske li pa te enplike nan koze pran desizyon estratejik konsènan konplo asasinay la“, toujou daprè sa jounal la di, pandan li soulinye ansyen sòlda kolonbyen an la pou li jwenn santans li premye mas 2024.

Nan moman jijman kolonbyen an, pwokirè Goldbarg te li deklarasyon Palacios te fè otorite jidisyè Ameriken yo, kote l prezante l tankou yon sòlda sekirite anliy ki te jis ap resevwa lòd nan men Alejandro Rivera Garcia, ki li menm kondane pou l pase tan l nan prizon. Li di tou, Palacios pa te gen otorite ni pou l te pran desizyon ni pou l te patisipe nan pyès reyinyon operasyon ki t ap fèt nan mitan lòt mesye yo.

Yon lòt kote, pwokirè a mansyone akize a te vòlò yon pati nan lajan ak bijou yo te jwenn lakay prezidan an. fas ak akizasyon sa yo, jounal la fè konnen Mario Antonio Palacios pa t pran tan pou l te reponn pou di wi ak tout sa lajistis Ameriken rive repwoche l yo.

Annatandan jij José Martinez bay desizyon li, avoka Palacios la, ki se Alfredo Izaguirre fè kwè li posib pou kliyan li a pa kondane pou l pase tout rès lavi l nan prizon, lè l konsidere jan li kolabore ak lajistis Ameriken ak nivo enplikasyon l tou. Se pou sa, li di konsa li pral mande pou jij la pran pitye pou li yon fason pou kliyan li a ta pase mwens tan nan prizon.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

 

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,336
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Dosye Jovenel Moïse : lajistis ayisyèn pral resi tande premye minis Ariel Henry

Next Post

RD: Otorite dominiken yo boule plis pase 291 kilo kokayin jodi a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
RD: otorite yo sezi plis pase yon demi kilo kokayin pou yon konpayi maritim entènasyonal

RD: Otorite dominiken yo boule plis pase 291 kilo kokayin jodi a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,474)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,921)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,041)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,836)

Nouveaux Articles

  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François
  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?