Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

Dosye Jovenel Moïse : jij Walter Wesser Voltaire mande pou lajistis mare Martine Moïse ak 50 lòt moun

Mag Haiti by Mag Haiti
February 19, 2024
in Justice
0
Dosye Jovenel Moïse : jij Walter Wesser Voltaire mande pou lajistis mare Martine Moïse ak 50 lòt moun

Nan kad òdonans li ki pibliye jodi lendi 19 fevriye 2024 la, sou lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, jij Walter Wesser Voltaire deside mande pou lajistis pousuiv 51 moun pami yo Martine Moïse, Claude Joseph ak lòt ankò. Pandantan sa, li te tou profite retire non kèk moun pami sila yo li te tande nan dosye sa.

Nan tout non ki te site nan lanmò ansyen prezidan an, jij Voltaire mande pou lajistis ayisyèn pousuiv 51 moun li rive jwenn chaj kont yo. Konsa, sou lòd jij la, moun sa yo ap gen pou al jije douvan tribinal kriminèl san jiri, avèk divès akizasyon k ap peze sou do yo tankou asosiyasyon malfektè, vòl ak zam nan men, teyoris, ansasinay ak konplisite ansasinay, yon krim ki fèt sou prezidan Jovenel Moïse.

Pami moun sa yo nou jwenn: ansyen premye dam Marie Etienne Martine Moïse, Dimitri Herard, Léon Charles, Claude Joseph, Christian Emmanuel  Sanon, Joseph Félix Badio, Joseph Vincent, James Solage, Victor Albeiro Pineda Cardona, Jeantel Joseph, Alejandro Giraldo Zapata, Manuel Antonio Groso Guarin, Jhon Jairo Ramirez GOMEZ, Jhon Jader Andela, Neil Caceres Duran, Francisco Eladio Uribe OChoa, Alex Miyer Peña elatriye.

Sepandan jij enstriksyon an te rive retire kèk non moun tou nan dosye a, se ka pa ansyen palmantè Antonio Cheramy, Reynaldo Corvington, Dominick Cauvin, Paul Eddy Amazan, Renor Fontus, Pierre Osman Léandre, Prevot Mozart, Conrad Bastien. Majistra a fè konnen rezon ki lakòz li pa enplike moun sa yo, se dèske li pa jwenn tout endis, e pa menm jwenn menm chaj ki pou ta jistifye enplikasyon moun yo nan lanmò sa yo te site non yo ladan l la, daprè sa ki ekri nan òdonans 122 paj jij la ekri a.

Toujou nan menm dosye sa, jij Voltaire anonse tout pousuit ki te gen kont Marie Jude Gilbert Dragon, Mauricio Javier Romero Medina, Duberney Capador Giraldor, Miguel Guillermo Garcon ak Joseph Gérald BATAILLE, anile akòz moun sa yo lajistis te rive konstate epi sètifye yo mouri.

Paralèlman, majistra a òdone tou pou mete yon bout ak pousuit penal yo te tanmen kont
John Joël Joseph, James Solage, Joseph Vincent, Roodolph Jaar, Angel Pretel Ortiz, Mario Antonio Palacios, Walter VEINTEMILLA, Antonio INTRIAGO, German Alejandro Rivera GARCIA alyas kolonèl Mike. Daprè eksplikasyon ki bay nan dokiman an, desizyon sa ta pran se pa rapò ak prinsip «non bis in idem» la ki vle di yo paka pousuiv yon moun oubyen pini l pou menm kòz yo.

“Si yo pot ko nan prizon, nou òdone pou yo mache pran moun sa yo al mete nan prizon sivil Pòtoprens. Nou òdone tou, pou tout pòt kay prezidan an rete anba sele. Boutofen, nou mande pou tout pyès pwosedi a transfere pou al jwenn komisè gouvènman an pou tout suit ki dwe fèt yo“, selon òdonans final jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire ki jwenn èd grefye Éric H.Simmonds.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 831
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Gang Ayiti yo gen pwòp klinik yo pou retire ògan moun yo kidnape

Next Post

Moun Fò Nasyonal yo te pran lari pou di non ak desizyon ki ta pran pou leve baz BOID la

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Moun Fò Nasyonal yo te pran lari pou di non ak desizyon ki ta pran pou leve baz BOID la

Moun Fò Nasyonal yo te pran lari pou di non ak desizyon ki ta pran pou leve baz BOID la

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,332)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,870)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,965)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,776)

Nouveaux Articles

  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM
  • Trois décennies de service : la PNH saluée pour son engagement face à l’insécurité

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?