Nan lide pou manifeste kont pi wo kad nan fòs lòd yo, plizyè milye moun nan Fò Nasyonal te tanmen yon gwo manifestasyon nan Pòtoprens jodi lendi 19 fevriye 2024 la. Selon divès manifestan, yon desizyon konsa se kite wout pou prezime bandi anvayi yo ak tout lòt zòn ki sou kote yo.
“BOID yo pap ale, se Ariel ki pou ale“, se pawòl kèk nan moun ki te pran lari yo kote yo te tou profite fè konnen si tout fwa endividi ak zam yo ta pran zòn Fò Nasyonal ak Solino, sa ta tou vle di pa gen espwa ankò. Paske, yo estime yon aksyon konsa ap reprezante yon gwo danje pou kèk zòn tankou Pòsmachan, Nazon, Chriswa, Dèlma ak lòt toujou.
Daprè deklarasyon kèk abitan nan zòn Fò Nasyonal, mouvman sa fèt se aprè moun yo ta gen enfòmasyon ki fè kwè Wo kòmandman lapolis la ta vle deplase baz BOID la pou mete l yon lòt kote. Se yon enfòmasyon selon Radio Métronome ki pa gen anyen pou wè ak verite puiske direktè lapolis la, Frantz Elbé fè yo konprann direksyon jeneral la pa t janm pran yon mezi konsa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024