Nan yon konferans pou laprès ayè lendi 30 janvye 2023 a, direktè sekirite enteryè Etazini an, Alejandro Mayorkas defann program imanitè gouvènman ameriken an pandan l kesyone fason 20 eta repibliken yo kanpe fas kare kont program lan. Li soulinye reyaksyon eta sa yo make l, alòske se menm yo menm ki konn ap plenyen pou problèm migrasyon ilegal la konn bay.
Jan medya ameriken an Miami Herald te anonse l dimanch ki sot pase a, responsab sekirite enteryè ameriken an te nan Little Haitian Culturel Center, ak L’Ermita Caridad ansanm ak responsab konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, kote l te gen pou tande tout enkyetid kominote Ayisyen an ak Kiben yo.
Pandan vizit sila, li te tou profite defann program liberasyon kondisyonèl la, ki selon li menm son w program ki legal Kontrèman ak 20 eta repibliken yo ki konsidere l kòm yon abi pouvwa.
“Nou kenbe pozisyon n dèske program lan legal. Sa rive make m pou eta sa yo atake solisyon ak problèm yo konn plenyen pou yo“, se deklarasyon Mayorkas ki mansyone tou benefisyè yo ap gen otorizasyon pou yo travay, kidonk y ap ka pran swen tèt yo ak fanmi yo san leta ameriken pa foure men pran nan resous lokal peyi a pou ba yo soutyen.
Pandantan sa, kominote ayisyen an te profite vizit sekretè a pou yo te eksprime yo pa rapò ak rebondisman nouvo program sa genyen. Pami kèk pawòl ki te rive jwenn responsab ameriken nou jwenn: Ayisyen yo ki felisite program lan, pandan gen nan yo ki fè konnen l pa yon solisyon pa rapò ak kòz sitiyasyon k ap pase nan peyi Dayiti.
Nan menm sans sa, komisè North Miami Beach lan, Daniela Jean soulinye y ap tann gouvènman ameriken an respekte yon chif ekitab pou pèmèt moun yo resi pile tè Etazini an, ki son w rèv pou yo, toujou daprè sa jounal ameriken an rapòte.
Yon lòt bò nou jwenn gen ayisyen ki t ap defann plizyè lòt fasèt program lan vinn provoke tankou, problèm ki ka vinn genyen ant fanmi ki deja nan peyi Biden lan, epi ki pa ta vle aplike pou lòt ki Ayiti. Ensètitid ki genyen akòz jouskounya pèsonn pa konnen sa k ap rive aprè 2 lane ki valide pou program lan.
Konsa tou, gon w lòt kategori ki panse l t ap nesesè pou gouvènman ameriken an ta tabli bon jan diskisyon sou kondisyon politik, sosyal, ekonomik ak sosyete sivil ayisyen an. Daprè yo menm, si ta rive gen antant epi aksyon sou pwen sa yo li t ap pèmèt konpatriyòt yo rete nan peyi yo.
Pou kounya, daprè chif CNN bay gen 1700 migran ayisyen, kiben ak Nikaragweyen ki deja vwayaje al Etazini sou program liberasyon kondisyonèl sila a, pandan gen 7 500 lòt.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post