Nan yon konferans pou laprès li bay jodi mèkredi 13 mas 2024 la, lidè pati politik Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles fè konnen li pa dakò ak pwopozisyon CARICOM nan. Li bay divès rezon ki fè l voye jete desizyon sa, pami yo li di li pap janm dakò al chita negosye ak gouvènman Ariel Henry a puiske yo menm nan pati a te toujou ap goumen kont moun sa yo.
“Nou rejte pwopozisyon CARICOM fè a“, se sa lidè a fè konnen pandan l mansyone plizyè rezon. Nan yon premye tan li fè konprann yo menm yo pap chita ak gouvènman sa pou okenn negosiyasyon puiske yo te jete l se paske gouvènman sa t ap ankouraje kidnapin, koripsyon e t ap monte volim ensekirite a. Yon lòt kote li di, li pa dakò nèg ki nan sektè ekonomik la vin nan konsèy prezidansyèl la paske se toujou menm sistèm pati l la konn ap goumen pou li a.
Nan yon dezyèm tan, li mete klè pou tout moun, yo menm yo pa dakò ak entèvansyon etranjè peyi Kenya ta dwe dirije nan peyi a. Pou sa ki gade 9 manm ki ta dwe nan konsèy sa, ansyen senatè a estime se ap yon gwo gaspiyay lè l konsidere avantaj ki pral gen pou moun sa yo. Pandantan sa, li fè tout moun konnen se konsèy avèk twa manm pa yo a ki dwe enstale kèlkeswa jan sa ta ye.
Pou sa ki konsène estrikti ki dwe bay divès non moun ki ta dwe nan konsèy la, nan menm akò yo ta gen pwoblèm pou fè yon bon chwa. Poutan, jodi mèkredi a se dènye jou Depatman Deta ameriken an te bay pou aktè politik yo te bay non moun sa yo, si sa pa fèt konsa selon Radio Métronome otorite ki nan tèt diskisyon yo ap blije pase ak yon lòt plan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024