Alòske yo te gentan vin pran divès anplwaye yo te genyen nan anbasad la nan jou pase yo, jodi mèkredi 13 mas 2024 la, kòmandman Sid Etazini an anonse yo gen plizyè sòlda ameriken nan peyi a. Daprè sa yo fè konnen nan yon nòt yo fè sòti jodi a menm, ekip sa ki an Ayiti a gen misyon pou pwoteje anbasad la, epi pote sekou ak sòlda ki sou plas yo ki ka nan bezwen.
“Sou demann Depatman Deta a, kòmandman Sid Etazini an deplwaye yon ekip sekirite antiteyoris flòt maritim ameriken an(FAST) pou kenbe djanm kapasite sekirite anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens “, se sa yo anonse nan nòt sa ki presize anplis sa, gwoup sòlda yo la tou pou mennen operasyon sekou pou moun yo genyen ki sou teren an menm jan yo toujou fè sa pou kèlkeswa militè yo gen nenpòt kote nan mond lan.
Konsa, yo raple anbasad la ap toujou rete louvri men pou kèk sèvis sèlman kote yo ap asiste sitwayen pa yo. Pandan y ap fè jefò pou ede aktè ayisyen yo pou asire yon tranzisyon pasifik nan peyi a.
Pou kounya, yo fè konnen Ministè Defans yo a mete sou lajan ki dwe finanse deplwaman fòs entènasyonal la. Kote yo menm y ap ka ede sèlman nan koze planifikasyon, pataje enfòmasyon, bay transpò nan lè a ak soutyen medikal. Poutan, se jodi a menm gouvènman Biden nan te resi bay palmantè yo plan detaye sou finansman deplwaman an. N ap raple toutotan kongrè a pa dakò debloke lajan ameriken dwe bay pou fòs la, okenn soutyen pap ka bay vre.
Credit Photo: Military.com
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024