Menm jan plizyè anbasad tankou Etazini, Almay ak lòt ankò gentan retire pèsonèl travay yo an Ayiti nan jou pase yo, akòz ensekirite k ap vale teren an. Anbasad Lasuis li menm chwazi fè parèy pou li retire pa li yo ayè mèkredi 13 mas 2024 la, pou voye yo Repiblik Dominikèn, presizeman nan vil Pedènal, selon jounal Listín Diario.
Diplomat Lasuis yo te pral rive sou bato ayè gras avèk polisye Ayisyen nan peyi Repiblik Dominikèn. Tout sa se jis pa mwayen prekosyon pou pwoteje lavi yo kont bandi kriminèl an Ayiti.
“Yo te an total 3 moun, yo te pral rive epi akeyi yo nan men otorite militè ak imigrasyon nan zòn fwontalye a. Non moun sa yo se Martin Rolf Ulrich, Balbara Silva Egge epi Martin Bolsterli, kote yo te ale nan zòn David Caprani, ki se kote yo jwenn kòlèg travay diplomat parèy yo. Anplis, yo te tanmen demach imigrasyon pou rantre nan peyi yo epi anrejistre nan Sant Biyometrik“, toujou daprè jounal dominiken an.
Sou lòt bò, plizyè Konpayi vòl aryeryen deside pa vwayaje Ayiti toujou akòz ensekirite a, kote responsab yo mete restriksyon sou vòl yo. Pou kounya, vòl yo kanpe pou semèn sa ni pou semèn k ap vini an, lè n raple tou gen avyon ki te pran bal anndan Ayewopò Toussaint Louverture a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024