Bon non li se Emmanuel Jean, Classic Jamy se non li genyen nan mond mizikal la. Li fèt nan dat 24 desanm 2000 nan vil Pòtoprens. Classic Jamy se yon pasyone mizik, li jwe Piano ak chante. Ane sa a li fè pati 15 finalis konkou “Suiv tras Christopher Laroche” Mag Haïti òganize.
Jèn atis la defini tèt li tankou yon moun ki renmen lavi. Respè, lanmou ak enèji pozitif se bagay li kiltive anpil pou l kapab vin meyè chak jou. Emmanuel Jean kòmanse chante depi l tou piti nan legliz.
“Mwen kòmanse chante britsoukou nan adolesans, mwen te konn chante nan plizyè gwoup nan legliz mwen konn ale. Depi lè sa a mwen devlope talan pou entèprète, ekri ak konpoze mizik“, sa se deklarasyon atis la ki di nou li chante plizyè estil mizik tankou rnb, rasin, afro, reggae, gospel, twoubadou, pop, rap, konpa, jazz.
Li se yon atis ki pèfòme plizyè fwa sou sèn (Maryaj, konsè, fèt, aktivite atistik). “Mwen toujou jwenn feedback anpil moun ki toujou ankouraje m pouse pi lwen, sa ede m ajoute sou konfyans mwen gen deja nan tèt mwen“.
Atis la di li fè premye kontak li ak mizik nan moman li te gen 11 lane, nan premye kou piano li te genyen. “Mwen te piti se vre, men santiman an toujou prezan tankou se te premye fwa a chak jou. Mwen te remake se ta pral yon wout long, mwen te kòmanse gen abilite pou plis nivo poukont mwen, sa ki te vin rann mwen tizè“, se sa atis la fè konnen.
Classic Jamy eksplike pandan l ap grandi, se pa menm enèji a pou piano, paske lòt pasyon tankou jwe Basket, chante ak lòt aktivite jenès pran plas tan pou l te kapab pratike, men anndan li menm se yon bagay ki toujou la pou l ale pi lwen paske sa ap gen gwo enpòtans nan bèl karyè mizik li.
Jouk kounye a, Jamy gen yon sèl mizik ki pwòp ak li menm, se toujou kolaborasyon sou beat li fè. “M kapab di “Magalie by Scotty Karven feat Classic Jamy” ki soti nan mwa jiyè ane 2022 a, se premye mwen chante poukont paske se mwen ki chante mizik la konplè. Se yon estil mizik afro amapiano, mwen te jwenn anpil feedback emosyonèl, pozitif ak anpil konsèy ki ankouraje m kontinye nan domèn mizik”.
https://distrokid.com/hyperfollow/scottykarven/magalie-feat-classic-jamy
Classic Jamy gen jiskaprezan 5 mizik ki se kolaborasyon ak plizyè atis. Li chante This feeling Tarrah Jah feat Emmanuel Jean ki soti nan lane 2018. “Se premye fwa mwen t ap anrejistre Mizik, se premye fwa mwen t ap kolabore sou yon mizik tou”, selon atis la.
Lòt mizik yo se Magalie by Scotty Karven feat Classic Jamy, “Sove peyi mwen”, “Makomè” an kolaborasyon ak Scotty Karven, RD2 epi Classic Jamy. Dènye mizik la se “Alouwèt“.
Classic Jamy ekri konplè chak fwa li chante sou yon mizik. Youn nan pi bèl akonplisman nan karyè l jouk jodi a se te ranpòte premye pri Chanpyon konkou mizik “Banbile talan w” lekòl atistik Artist Institute te òganize, nan lide chache talan pandan peryòd konfinman Kowona Viris la.
“Se te yon gwo eksperyans pou mwen paske se premye fwa mwen t ap patisipe nan yon konkou mizik epi mwen te rive Chanpyon. Mwen te rantre premye lajan m gras ak talan m a 21 lane. Se yon fyète pou mwen, paske mwen fè yon gwo pa, mwen mete limit mwen nan yon lòt nivo jounen jodi a“, selon Jamy.
Pandan atis la ap travay pou l pi byen dekole karyè li, li pa kache nou difikilte li rankontre yo.
“Jiskaprezan, difikilte mwen rankontre se jwenn espas estidyo pwofesyonèl pou fè bon jan mizik, mete mizik yo sou palfòm mizik yo pou kapab tande, pwomosyon pou mizik sila yo ki konn pote reta nan jan mizik la ta sipoze rive jwenn piblik la avèk bon jan ankadreman PWOFESYONÈL k ap ankouraje yon pwospè“.
Pwojè Classic Jamy pou rès ane a se mete plis presyon sou vann tèt li kòm yon atis k ap vini paske ane 2022 a se yon ane kote li di li reyalize anpil bagay, kounya li vle fè plis piblik dekouvri talan l.
Konsènan patisipasyon l nan konkou “Suiv tras Christopher Laroche” la, li di se yon nouvo defi pou li.
“Se yon Fyète pou m onore atis la, li ki se yon atis mwen grandi ap tande, pou mwen wè kounya mwen sou mizik li, kote lide pa l ak pa m fè yon sèl, li tande l, li apresye l. Se yon mwayen tou pou m montre talan m, di sa k sou kè m pou m pote plis konfyans pou chak grenn moun ki deside tout bon vre ale pi devan, ak pale pou anpil ki pa jwenn chans pa yo pou ta di pou sa Ayiti reprezante“, sa se deklarasyon Jamy.
Classic Jamy lage epi l p ap kanpe! Paske, lè tanbou ap gen pou l frape, se tout moun ki pral leve danse! Yon sèl randevou “SOMÈ”” sa se mesaj li voye pou fanatik li yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post