Carlo Ancelotti, aktyèl antrenè Real Madrid la, fè konnen li pa genyen akò pou li al antrene ekip Foutbòl peyi Brezil la. Nan menm sans sa a, federasyon Brezil la soti yon nòt jodi vandredi 10 fevriye a pou li konfime pa gen akò ant 2 pati yo.
Peyi Brezil te elimine nan mondyal nan peyi Kata 2022 a, anfas peyi Kowasi nan seyans penalite. Sa ki te pral lakoz ansyen antrenè li an, Adenor Leonado Bacchi alyas Tite te tou demisyone pou kite plas la avèk yon lòt antrenè.
Nan sans sa, anpil sous t ap site non Carlo Ancelotti. Men selon Jounalis Fabrizio Romano, antrenè Real la di li pa okouran de akò sa. «Mwen se Antrenè Real Madrid, kontra m ap bout jiska 2024», toujou selon menm sous lan.
Depi aprè eliminasyon seleksyon Brezil nan dènyè koupdimonn lan, plizyè enfòmasyon ap kouri kòmkwa yo ta deside chwazi yon Antrenè etranje vin pran tèt seleksyon Seleção, malgre se pa tradisyon ekip la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023