Jounen jodi 20 Samdi Dawout 2022, plizyè endividi ak zam te rive atake kèk sitwayen nan yon lokalite ki rele Doudoun, presizeman komin Kwadèboukè. Gen anviwon 6 moun ki pèdi lavi yo ak kèk lòt ki boule anndan yon machin mak ”Suzuki Grand Vitara”, pami sila sa yo se : Sarah Desenclos ak laj 24 an ak Norwood S. Desanclos laj 28 an ki se 2 sè epi Josette Fils Manman yo). Pandan, youn nan yo ta pral lekòl epi lòt la t ap sòti avèk manman li, sak ta pral lakoz 3 manm nan fanmi sa yo pèdi lavi yo nan dram sa.
Selon enfòmasyon medya anliy VBI fè konnen, fanmi sa ta sòti nan yon lokalite ki rele ”Diapoune”. Anplis, gen yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, kote l ap montre w kaskas machin lan ak kèk kò lòt pasajè ki boule atè nan dram sa.
Fanmi sa ki viktim nan dram lan, se ta manm fanmi Desanclos,papa yo se yon avoka. Kidonk, bandi simen dèy, patikilyèman nan fanmi sa epi mete dlo nan zye kèk lòt fanmi ankò.
Nan moman sa, Lapolis kontinye ap tire avèk bandi yo san rete nan fason pou li ka reprann kontwòl Site Doudoun, alòske bandi achte lajan kontan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022