Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société Environnement

Ayiti te manke fè fas kare ak radmare sòti mwa janvye pou rive mwa avril

Mag Haiti by Mag Haiti
May 16, 2024
in Environnement, Société
0
Ayiti te manke fè fas kare ak radmare sòti mwa janvye pou rive mwa avril

Nan bilan yo bay sou divès tranbleman tè ki pase nan peyi a pou 4 premye mwa ane 2024 la, Biwo Min ak Enèji (BME) revele Ayiti pa t manke anpil pou te fè fas ak yon radmare. Sou 208 tranbleman tè yo di k te genyen, rapò a montre gen 93 sekous ki te fèt nan lanmè nou an, yon chif ki bay 44,7% daprè obsèvasyon ekspè yo.

«Pou chif tranbleman ki pase nan lanmè yo nou jwenn li 93, li bay 44, 7 % sa ki fè nou sipoze te ka gen yon danje tsounami si kondisyon yo te reyini pou sa a», daprè estimasyon otorite yo nan Inite Teknik Sismoloji (UTS). Pou kondisyon yo te reyini, yo mansyone fòk te gen fay nan lanmè a, men tou fòk pou pi piti li te nan nivo 6,5 nan echèl Richter a, epi pou pi wo fòk li te pase ak 50 km pwofondè.

Pi gwo nivo (magnitude) yo anrejistre yo te fèt nan mwa fevriye a. Daprè sa a ki di nan rapò yo a, youn se distans 39 km Lwès Pwentarakèt (Zile Lagonav) li te pase ak 4.4, epi lòt la se te ak 3,5 km nan Nòdès Titwou Nip li te fèt ak 4,2.

Yon kote, nan 208 tranbleman tè ki pase nan peyi a pandan peryòd 4 mwa sa a, espesyalis yo presize gen 183 ladan yo nivo yo pi piti oubyen egal ak 3, sa ki bay yon pousantaj 87,9 %. 86 lòt ki reprezante 41,3 % an, te souke ak yon pwofondè ki pi piti oubyen egal ak 10 km.

Selon Inite Sekous Sismoloji ak Biwo Min ak Enèji, men kòman chif 208 tranbleman tè a reprezante pou chak mwa yo: pou janvye a yo jwenn te gen 42 sekous, fevriye te gen 53, mas nan tèt lis la ak 58 sekous, epi mwa avril la li menm tè a te tranble pandan 55 fwa. Yon lòt kote, yo mansyone pou 9 depatman ki te touche yo Nòdwès souke 53 fwa, Nip te tranble 42 fwa, Lwès te 37 fwa, Grandans ak Sidès te tranble 21 fwa, Sid la te souke li menm pandan 18 fwa. Pou fini, yo jwenn Nò a sa te fèt 6 fwa, tandiske Latibonit ak Sant te sèlman sekwe 5 fwa.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 483
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

BIT-Haiti òganize plizyè fòmasyon nan teyat pou ti moun ki nan kan yo

Next Post

Gen plis pase 80 moun ki kandida pou pòs premye minis tranzisyon an

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Gen plis pase 80 moun ki kandida pou pòs premye minis tranzisyon an

Gen plis pase 80 moun ki kandida pou pòs premye minis tranzisyon an

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,923)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,012)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,195)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,928)

Nouveaux Articles

  • MJSAC denonse konpòtman ajan ULCC yo te genyen anvè anplwaye li yo
  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?