Nan jounen mondyal fonksyon piblik nan date 23 jen 2022, premye minis defakto Ariel Henry, kote li t ap dirije seremoni an ak entèvni pandan selebrasyon jounen sa, presizeman anba yon tèm mondyal : ” Yon fonksyon piblik byen nèf pou sèvi ak itil tout moun”.
N ap raple jounen mondyal fonksyon piblik la te fèt nan objektif pou mete an valè travayè ak travayè(z) nan leta pou kontribisyon y ap ofri nan sektè piblik la epi devlopman kominote a.
Se te yon moman rankont ak pataj, pandan jounen rankont sa ki te eksite chwa karyè yo nan fonksyon piblik la.
Premye minis Ariel Henry t ap pwononse l nan diskou sikonstans sa ak soulinye : ” Nan jounen sa, nou dwe pran tan pou nou evalye kalite sèvis nou ofri ak kontribyab yo, paske yo pa janm sispann plenyen pou move sèvi ak move tretman yo viktim pafwa nan men nou. Kidonk, nou bezwen amelyore kalite sèvis nou yo ak chanje imaj nou epi mete nou nan wotè fonksyon an. Malgre tout pwoblèm ekonomik ak sosyal, gouvènman mwen an bay anpil enpòtans ak kondisyon travay fonksyonè yo.
Avèk mwayen nou ki fèb epi nou dispoze, nou te kapab di nou fè yon ajisteman salè jiska 49 % , kote n te rive akòde ak diferan kategori ajan nan fonksyon piblik la”.
Premye Minis defakto Ariel Henry ta sanble bliye plizyè manifestasyon pwofesè leta ak anplwaye lopital jeneral pou mande peye yo plizyè mwa ti monnen epis yo dwe yo. Kòmkwa sila sa yo se ta move fwa yo genyen osnon yo pa fè kategori moun ki merite bon jan tretman ak bon kondisyon travay nan leta.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022