Pierre Guintier, yon anplwaye Elektrisite Dayiti (EDH), Lapolis t ap chèche kou Chen fou akoz plizyè akizasyon kidnapin sou do li. Poutan, jounen jodia li deside pote tèt li rann nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), akonpanye avoka li yo nan jou Jedi 4 Dawout 2022, selon plizyè sous medya anliy.
Lapolis te mete manda dèyè prezime kidnapè Pierre Guintier (Swadizan zanmi Lapolis), akoz li ta enplike nan plizyè dosye kidnapin sou wout Aryopò ak Tijo, elatriye.
Lapolis te debake kay prezime kidnapè Pierre Guintier, nan Vandredi 29 Jiyè 2022, nan zonn “Débussy à l’impasse Mon premier#8”. Men, li pa te rive jwenn li, men li te deside arete madanm li, Manielita Fleurantin.
Pierre Guintier, prezime kidnapè a te abiye ak yon mayo wouj epi yon djins nwa epi akonpanye avoka li yo. Kote li te debake sou yon machin Hyundai, modèl Tucson pou rive nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) a.
Nan moman n ap pale la, prezime kidnapè Pierre Guintier, nan men Lapolis aprè li te gentan anonse l ap pote tèt li bay enstitisyon Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) nan Lendi 01 Dawout 2022, sou radyo Karayib.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022