Jounen jedi 25 Dawout la, minis Edikasyon an, Nesmy Manigat lanse ofisyèlman liv inik, ki se yon liv ki fèt pou klas 1e ak 2yèm ane nan entansyon pou ede timoun yo ak paran yo.
Nan kad pou relanse Edikasyon nan peyi a, minis lan te deside mete deyò yon nouvo liv ki pote non ” liv inik”. Daprè sa minis lan di : ” Liv sila a gen tout matyè yo epi yo prezante tou an kreyòl”.
Pwojè sa fèt se nan lide pou kwape enkonpreyansyon ki gen nan lang aprantisaj lekòl nan peyi a pou timoun yo ka rive aprann ak konprann pi byen epi gen yon baz ki pi solid, selon sa responsab Zémès la Charles Tardieu.
Liv inik la ap penmèt lekòl yo elimine kesyon plizyè liv pou yon sèl grenn matyè a.
Daprè Marc Exavier, liv sa p ap depase 300 paj ni p ap koute sèlman 1500 goud.
N ap raple pwojè liv sa pa te jwenn soutyen sendikalis edikasyon yo sa ki lakoz yo pa te twò kwè nan reyalizasyon pwojè sa, epi denonse jan minis edikasyon an te pran dezisyon an san konsilte yo, malgre te gen seyans travay ki te òganize pou fè yo konprann bon kote liv inik lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post