Nan yon layv Instagram jou madi ki sot pase a, Jean-Hubert Valcourt alyas Dug G, ki se ansyen rapè gwoup Ròkfam, fè konnen pa gen anyen ki pou ta pouse li fè mizik ak yon bandi. Li te fè deklarasyon sa apre plizyè atis ta kolabore avèk Izo kise chèf gang baz 5 Segonn nan vilaj de Dye.
Nan layv sa a ki te genyen plizyè lòt moun tankou Topson ki se youn nan atis ki kolabore ak chèf gang Vilaj de Dye a, Dug G fè konnen li pa bezwen respè nan men bandi.
Pwopriyetè labèl “Piwo Records” la fè konnen li menm se nan pwomote jèn li kwè, li pa janm pran plezi nan mache dèyè atis popilè pou li ka fè buzz. “Rèv mwen se wè mwen sipòte yon jèn atis, ki reyisi, ki fè plis non pase m”, se sa atis la te deklare.
Dug G te fè konnen li pa bezwen respè nan men nèg lari ak bandi. Li esplike sa pa pwoblèm si li jwenn respè rapè parèy li, men pou “konviksyon l”, li pa bezwen respè bandi.
N ap raple Jean-Hubert Valcourt se yon rapè ki genyen anviwon 23 lane nan domèn mizikal la. Apre yon bèl eksperyans ak gwoup Ròkfam, li te deside lanse karyè solo li nan lane 2010. Nan yon entèvyou atis la te bay Mag Haïti, li fè konnen pwochen albòm li ap soti nan kòmansman ane 2023.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022